Se sou sa Wadner Maignan bay
opinyon’l, yon ayisyen ki te rive chili nan yon entèchanjman inivèsitè e nan
aktyalite kap travay tankou medyatè entèkiltirèl nan sèvis Jesuita de Migrantes, yon fondasyon ki akeyi imigran ki sòti nan
peyil.
Maignan
denonse ke diskriminasyon an ogmante
pandan ke imigrasyon afrokararibeyèn
nan ap ogmante.
Menm
diskriminasyon ke ekspè yo ak reprezantan kominote ayisyèn nan, yo te deplore
nouvo pwojè lwa imigrasyon ki te anonse pa prezidan Sebatián Piñera ansanm ak
lòt mezi administrativ yo.
Nan sèlman
sèt (7) jou de antisipasyon, prezidan chilyen an di ke apati 16 avril, tout
moun kap sòti ayiti dwe fè pwosesis viza touris yo nan konsila chili ki nan
peyi yo kap dire 30 jou « San okenn fen imigrasyon, rezidans oubyen
devlopman aktivite peye »
Tout moun ki
nan peyi karayib la ki swete travay oubyen kap chèche èd imanitè, moun sa yo
dwe genyen yon viza spesyal.
Mezi ki kont
tout anons nan kesyon venezela a se kote pwosesis demand visa spesyal de
responsabilite demokratik la pral kapab prolonje nan yon ane oubyen 2 ane.
Nan yon
Facebook andirèk ki te dire 13 minit, prezidan Sebatián Piñera te eksplike yon
jou apre anonsman lespri mezi yo.
« Nou
pap kapab pèmèt ke yap rantre chili nan kantite 100 mil, tout moun sa yo ki
kòmanse e ki pa respekte lwa imigrasyon nou yo paske yo vini tankou touris e ki
pa touris e plizyè fwa kap fè abi ak eksplwate kap fè biznis vann moun » Se sa
mandatè a te di.
Jiska kounè
a, lwa pèmèt rantre tout moun kap sòti ayiti avèk yn viza touris apati de lwa
ki fèk pibliye a, yap kapab mande yon viza rezidans tanporè, travay oubyen
etidyan.
TOURIS KI
PASE POU REZIDAN
Imigran ki sòti ayiti ak venezela ap ogmante konsiderableman nan dènye
ane ki sot pase yo.
Daprè chif ofisyèl ki fèk sòti, imigran ki te rantre yo, se te
sidameriken yo tankou touris e aprè yo te mande lòt tip de viza ki te ogmante
ak 26.858 moun ant ayisyen yo (de 8.419 a 35.277) e nan 21.250 moun ant venezelyen yo (de 9.501 a 30.751) antre
nan ane 2015 ak 2016.
Chif sa yo prèske menm bagay e kwasans la ap ogmante nan lis 2 prensipal
gwoup imigran nan peyi a. Pou moun ki sòti perou yo, demand viza pa yo a desann
de 29.980 a 28.558 e avèk kolonbyen yo kap ogmante de 20.145 a 28.361 nan menm
peryòd sa a.
Sou ka venezelyen yo, Piñera te anonse ke” viza de responsabilite
demokratik la” pran an konsiderasyon “grav kriz demokratik ki tap sakaje
venezela a, peyi ki te resevwa anpil chilyen ki tap chèche refij yo sou fwontyè”
Aprè frap militè de Augusto Pinochet, 11 septanm 1973, yo te kalkile ke
200.000 moun te kite chili tap chèche lòt peyi yo.
Kantite chilyen nan venezela te ogmante de 3.000 an 1971 a 24.000 an
1980
Ekriven Isabel Allende, ansyen rektè Inivèsite Katolik chili, Fernando
Castillo Velasco, oubyen ansyen minis e politisyen Sergio Bitar yo te rakonte
ki moun ki te chwazi yo nan peyi a.
Menm si anpil nan chilyen sa yo te reprezante ide diferan nan batay sant
dwat la ke Piñera jodi a te kenbe. Mandatè a te valorize jès istorik sa a
venezela te fè nan lè li tap anonse viza a.
Mandatè a te youn nan lidè rejyonal yo ki te pi prè e ki te kenbe ak
opozisyon venezelyèn nan.
An 2015, li te eseye visite lidè opozisyon an Leopoldo López e yo te
asime yon chaj pou reyitere angajman nan
soufrans ak doulè pèp venezelyen an.
E AYITI?
Daprè polis envestigasyon chili, (PDI),
chif imigran ayisyen yo te genyen yn ogmantasyon eksplosif pandan ane 2017 la,
li te rive nan 100.000
Yon bon pati nan imigran sa yo te rive nan peyi a atravè yon liy aeryèn ki
rele LAW ki kouvri wout dirèk ant pòtoprens ak Santiago depi fen 2016.
Malgre yo te peye tikè aleretou, chif moun ki te anbake pou retou a te
enferyè ak sa ki te vini yo.
Pandan premye semèn mas la, PDI te refize 62 ayisyen antre chili. Devan
yon demand devan lajistis, lakou siprèm chilyèn pat tranche an favè imigran yo,
pandan yo tap pote agiman ke yo te mande yo sètifika bòn vi ak vye mès ki
kontrè ak kalite touris ki te anfavè yo pandan yo te rive nan peyi a.
Devan nouvo lwa yo, ekspè nan imigrasyon yo te kritike ke chili bay yon
tretman spesyal ak Ayiti e avèti yo ke imigrasyon ilegal la pral ogmante.
Gouvènman reponn avèk sal i tap chèche se “ METE LÒD NAN KAY LA” e selon chif pa’l yo, 98% ayisyen kap rantre
chili tankou touris ki vle rete nan peyi a dwe mande viza tanporè
“Chili te gen abitid resevwa imigran ki te sòti nan peyi ewop pou fè
biznis. Aprè anpil moun latino ameriken ak karayib la vini. Gen yon mas ayisyen
nwa e se sak fè sijè koulè a se yon kesyon global e gen anpil rasis pou fini
Wadner Maignan
Pandan setan, te gen yon douzèn imigran ki te ale frape pòt lapolis
chilyèn pou pwofite lòt eleman ki anonse pa Piñera yo: Yon dekrè pou moun ki
etranje ki te antre jiska 8 avril pou pasaj ki pat otorize e ki pat gen papye
sètifika bòn vye mès la pral kapab mete yo an lòd nan 90 jou.
NB: Atik sa a se yon tradiksyon li ye paske mwen te fè rapèl la pou moun ki te manke konprann lè mezi sa yo tap pran. Ou menm ki ta renmen lil nan vrè vèsyon an, jis klike sou lenk lan ble a. Mèsi pou konpreansyonw!
0 commentaires:
Enregistrer un commentaire