Yon moun ki vle reyisi nan lavi
oubyen ki toujou reve prezidan, senatè, depite, majistra ak yon pakèt lòt bagay
ankò ta dwe resevwa yon bòn edikasyon pou li ta devni youn nan sa yo ke mwen
sot site anlè a. Men anpil moun konn ap chèche demanti pawòl sila a ki di li pa
reyalite vre. Anpil nan moun sa yo, konn ap pran egzanp tankou jwè foutbolè yo
ki reyisi nan vi yo san ke yo pa konn li men yo bliye ke tout disiplin yo pa
menm, gen yon pakèt disiplin yo mande anpil kritè pouw ka entegre sistèm nan,
kèlkeswa janw ta ekselan nan disiplin nan depiw paka reponn ak kritè yo mande
a, ou pap kalifye. Annou pran egzanp yon jwè basketè, nòmalman yo di fòk ou
pase nan inivèsite pouw ta jwe nan nivo pwofesyonèl. Kèlkeswa sa ke yon moun ap
di, li se yon oblikasyon pouw ale lekòl pouw aprann li ak ekri paske ou ka gen
lajan wap byen viv men wap manke yon bagay kanmenm nan laviw, ou vinn limite ak
lajanw lan e pa mete nan tèt ou, wap ka ouvri tout pòt. Wap ka ouvri pòt kote
ke se koripsyon kap fèt, wap mete laviw andanje kote ke si sa pase mal, ou ka
pèdi byen sa a nan bat je men siw gen konesans wap toujou gen resous pouw fèl
ankò.
Pafwa gen moun ki
paka fè diferans ant lè yon moun gen dwa pa fè klas oubyen li pa konn sa ki rele li a menm. Anpil nan jwè sa yo se
yo menm ki toujou siyen kontra yo, e se pa tout jwè yo tou ki pa konn li a e
lap difisil tou poun jwenn sa nan mond sa nap viv la, jwè sa gen dwa pa tèmine
ak etid li. Annou tounen nan edikasyon an, nan peyi pa nou, li enpòtan pou
paran yo voye timoun yo lekòl paske nou di ke se sèl mwayen ke nou kapab reyisi
nan lavi nou. Lefè ke nou se imigran nan yon peyi, li enpòtan poun chèche
konnen kijan nou ka voye timoun nou lekòl nan peyi a kote ke pou li ka entegre
nan sistèm peyi a ak yon fasilite pou li devni nenpòt bagay e ou menm paran
timoun sa a selon relasyon kew genyen ak pitit ou, ou ka benefisye anpil bagay.
Nan rechèch ke map fè pou mwen ede nou nan fason ke mwen kapab antanke sitwayen, mwen dekouvri yon fason
poun wè kijan nou ka voye timoun yo lekòl e nou menm jèn yo tou ki tap plenyen
ke nou paka jwenn opòtinite poun ale lekòl. Enfòmasyon sa yo se sou sit ministè
edikasyon chili a MINEDUC mwen te
jwenn yo. Si toutfwa ke nou genyen yon dout nou kapab toujou rele nan nimewo ke
yo bay la oubyen voye yon mesaj ba yo sou adrès imèl yo pou nou jwenn plis
enfòmasyon e pa pliye ke tèks wap li sou sit ministè a se pa mwen menm ki ekri
yo.
Tout timoun ki se pitit migran yo
gen menm dwa aksè a edikasyon nan menm kondisyon, men m tretman ak timoun
peyi a. yo pa gen dwa refize timoun ki se pitit migran yo aksè nan
anseyman preskolè oubyen lekol piblik yo akoz sitiyasyon migratwa iregilye swa
yo menm oubyen paran yo
Konvansyon
Entenasyonal sou Pwoteksyon dwa tout Travaye Migran yo ak tout Fanmiy yo
(atik,301)
Yon fason pou respekte epi konpli ak Trete e
konvansyon entenasyonal ke leta chilyen siyen yo, ministè ledikasyon, tankou
jan prezidant repiblik la te mande l, te bay yon repons rapid a nouvo realite
migran nan peyi a pi espesyalman a travè kreasyon Mesa de Coordinación Migrante
(tab kodinasyon migran) e a travè Odonans No 894 ki actyalize enstriksyon sou
kesyon antre, rete ak egzesis dwa timoun ak etidyan migran yo, endepandamman de
sityasyon migratwa yo ou bien fanmiy yo.
Nan fason sa a, timoun ak adolesan etranje yo nan
Chili gen dwa:
·
Antre nan yon etablisman minisipal ou
bien semi prive ki gen enskripsyon disponib nenpot lè nan ane a.
·
Enskri yo men m si sitiyasyon migratwa
yo iregilye.
·
Jwenn fasilite pou yo antre, pou yo rete
epi pwogrese nan sistem edikasyon an nan menm kondisyon ak timoun etidyan
chilyen yo dapre realite ak nesesite yo.
·
Resevwa benefis leta yo tankou: pasay
lekol (pase escolar), asirans lekol, bous alimantasyon ak tout liv yo nan menm
kondisyon ak res timoun etidyan chilyen yo.
·
Pou yo pa jwenn diskriminasyon, pou tout
kominote lekol la trete yo ak respè.
·
Tout timoun ak etidyan migran yo gen dwa
pou yo resevwa edikasyon nenpot jan sitiyasyon migratwa yo ou bien fanmiy yo
ye.
Si nan yon fason ou nan yon lot tout sa ki di anlè yo
pa ta respekte sa ta vle di ke dwa edikasyon timoun etidyan yo ap vyole, ou
dwe:
·
Prezante yon plent pou diskriminasyon
nan biwo Siperentandans Edikasyon an nan sit entenet li ki se cl ou
bien ale direkteman nan biwo ki pi pre w la.
·
Prezante yon plent nan biwo atansyon pou
sitwayen yo nan ministè edikasyon an nan sit entenet li ki se cl,
rele nan telefo-n 600 600 26 26 ou bien ale direkteman nan biwo ki pi pre w la.
·
Nan etablisman minisipal yo, ou ka
prezante yon let reklamasyon nan biwo direktè lekòl la epi remet yon kopi nan
biwo OIRS (BIWO ENFOMASYON, REKLAMASYON AK SIJESION) minisipalite ki koresponn
lan.
·
Si w konsidere ke yo refize yon timoun
dwa pou li gen aksè nan edikasyon yon fason abitrè, swa poutet li se migran ou
bien yon lot rezon ki gen pou wè ak karakteristik pesonel, ou ka prezante yon
resous de proteksyon ou bien yon demand sivil a travè koporasyon asistans
jidisiè. Pou kontakte yo ou ka rele nan nimewo: 600 440 2000 ou bien nan 022
362 8200 a travè yon selilè.
Kisa IPE a ye
Idantifikasion Pwovizwa Escolè (IPE) a se yon nimewo
inik ke ministè edikasyon an bay timoun yo, jenn yo, ak granmoun yo ki pa gen
RUT epi ki vle antre nan sistem edikasyon chilyen an, nan nenpot nivo edikasyon
regilye ou byen especial. Konsa si etidyan an chanje etablisman lekol ou byen
transfere nan yon lot vil, lap toujou genyen l jiskaske sitiyasyon migratwa li
regilarize.
Benefis
IPE pemet ou patisipe nan pwosesis admisyon,
enskripsyon ak sètifikasyon etid ou gen deja yo. Konsa tou li pemet ou jwenn
menm dwa ak lot etidyan peyi a konsenan alimantasyon, liv, asirans epi pasay
escolè.
Validite
Nimewo sa a ap toujou la pou lè sitiyasyon migratwa w
regilarize epi ou jwenn canè chilyen, lè sa a nimewo sa ap ranplase pa RUT ke
Rejis Sivil ak Idantifikasion va remet ou.
Kote yap remet IPE a
Biwo atansyon ak ed pou sitwayen yo nan ministè a se
yo ki va responsab pou remet Idantifikasyon Pwovizwa Eskolè a a pati de janvye
2017. Ou ka klike la pou w revize biwo ki pi pre w la.
Piblik objektif
-.Etidyan etranje ki pa gen RUT chilyen ki trouve yo
nan yonn nan sitiyasyon sa yo :
– Pou patisipe nan pwosesis admisyon eskolè, ki defini
nan la lwa enklizion an. Sa aplike pou rejion ki enkopore nan lane 2017 la
(Tarapaca, Coquimbo, O`Higgins y Los Lagos) ak pou rejion Magallanes ki te deja
devlope pwosesis sa nan 2016 la.
– Pou enskri nan yon etablisman lekol. Nan ka kote
etidyan an pat realize pwosesis validasyon ou byen rekonesans etid yo avan ou
byen ansanm ak demand IPE a li dwe mande otorizasyon pou enskripsyon pwovizwa.
Impotan: etidyan yo kapab timoun, jenn moun ou byen granmoun.
Menm jan tou sa yo ki nan edikasyon espesyal.
Poukisa Idantifikasyon
sa a te kreye?
Nouvo idantifikasyon an te kreye pou evite plizyè RUT
lè yon etidyan deside chanje etablisman, tankou sa te konn ye avan. Sistem sa
bay tou posibilite pou gen yon regis ki fyab pou nimewo ak Idantifikasyon
etidyan migran yo ki fè pati sistem edikasyon an.
Nan fason sa etidyan an kapab jwenn yon enskripsyon
definitif menm lè li pako genyen kanè idantite chilyen ou byen etranaje. Nan ka
kote yon etidyan pa ka convalide etid li yo akoz li pa gen dosye lekol ou byen
akoz pa gen akò ak peyi li, etablisman an ap realize yon egzamen pou kapab
defini nan ki klas etidyan an ap ka antre nan yon period ki pa depase twa mwa
soti depi le li te antre a.
Nan menm liy sa a, etidyan etranje yo ki vle bay
egzamen PSU, kapab enskri ak yon Rut pwovizwa ke Sistem Enfomasyon General
Etidyan yo pwodwi (SIGE), si yo te enskri nan yon etablisman lekòl epi yo te
soti nan 4e ane anseyman segondè ant lane 2009 a 2015 ou byen yo enskri nan 4e
segonde ane sa a. Menm jan tou si MINEDUC te rekonet etid yo epi dosye yo te
trouve yo asosye a yon nimewo paspò ou DNI.
Kisa IPE a asire?
·
Aksè ak enskripsyon
A pati de janvye 2017 etidyan migran yo ki pa gen kanè
chilyen kapab enskri avek Idantifikasyon Pwovizwa Eskolè (IPE)
·
Enskripsyon sa a ap pwovizwa nan klas li
ap antre a pandan yap fe demach pou valide epi rekonet denie klas li te pase
pou li a, men li pap pwovizwa pou etablisman lekol ki resevwa li a
·
Apwi nan pwosesis edikatif la
Etablisman lekòl la ap defini mezi ak prinsip
pedagojik ki nesesè pou apiye enklizyon etidyan migran yo konsenan
karakteristik kiltirel ak lang, entegrasyon ak patisipasyon aktif epi pwogram
evalyasyon.
·
Tout etidyan migran yo dwe gen menm dwa
ak timoun peyi a swa nan respè, alimantasyon, liv, pasaj ak asirans lekol
·
Paran ou bien moun ki responsab timoun
yo gen menm dwa pou patisipe nan Centro de Padre (SANT PARAN YO), Centro de
Alumnos (SANT ETIDYAN), Konsey eskolè ou bien tout lot oganizasyon ki egziste
nan etablisman lekòl la.
http://denuncias.supereduc.cl/pages/consultas/consultas.aspx ou bien rele nan 600 600 26 26
Plan enklizion migran yo
Nan
kad travay Mesa Migrante a, yo devlope yon plan ansanm ak ministè enteryè ak
jistis yon fason pou fasilite pwosesis regilarizasyon etidyan migran yo ki nan
sityasyon iregilye,konsidere espesyalman yon travay sou teren ki entegre yon
manyè aktif etablisman lekol yo a travè pliziè jounen oriantasyon ak
enfomasyon pou tout kominote lekòl yo pi espesyalman pou paran ou bien
responsab timoun yo ki nan sityasyon iregilye yon fason pou yo ka jwenn viza
tanporè (etidyan, lyen ak rezidans definitif ak viza depandan pou premye fwa)
selon règleman ki an kou yo.
Objektif plan se:
Ankouraje,
fasilite epi akonpanye pwosesis regilarizasyon ak enklizyon etidyan migran
iregilye yo pandan tout kominote lekòl yo ap enplike tou.
Nan
sans sa a, MINEDUC ap kreye yon lyen direk ak etablisman lekol yo epi lap
kontibye ak tout sa ki nesese pou idantifikasyon etidyan iregilye yo komanse ak
IPE.
Nan fason sa a, plan ap komanse nan
5 etablisman lekòl nan komi-n Iquique,
Melipilla, Pedro Aguirre Cerda, Lo Prado, Cerrillo ak San Bernado.
Kritè yo konsidere pou seleksyone etablisman sa yo se te: apateni a yon vil
pwovens ak komi-n kote pousantaj migran yo pi wo, answit ministè enteryè defini
yo kom priyorite akoz a travè Extranjeria ki ap fonksyone la dan yo.
Pouw ka ale jwenn dokiman ke
wap gen bezwen yo, wap klike sou lyen sa a pouw ka telechaje fichye yo sou
òdinatèw oubyen telefòn ou. klike sou lyen sa a: Dokiman yo
0 commentaires:
Enregistrer un commentaire