Pou anpil moun, chili vinn devni yon peyi kote ke gen anpil
diskriminasyon kap fèt sou tout fòm akoz sistèm politik prezidan ki la a mete
nan peyi a men gen moun ki fè konprann rasis la te gentan la men pèp chilyen an
pat janm metel deyò paske yo konnen gen anpil moun ki tap konprann yo mal
anpil. Nasyon ki plis sibi diskriminasyon an se moun po nwa yo men se yon
pwoblèm ki la depi sou tan enperyalis yo, blan kolon yo ki te panse ke yo te pi
siperyè ke moun nwa yo, yo bat yo lè yo pa obeyi ak lòd ke yo pase yo a ki vinn
koz esklav yo te vinn mete tèt yo ansanm pou yo te ka pran libète yo nan men
blan kolon yo apre tout imilyasyon ke yo te pran nan peryòd sila a. Akoz blan
yo pa janm vle rekonèt ke moun po nwa yo gen menm dwa ak yo, sa vinn rann ke
diskriminasyon an ap vale tèren nan mond lan. Rasis la gen yon pati ladanl tou
ki rele zenofibi sa vle di ke moun ki pa renmen etranje lakay yo (Imigran).
Annou tounen nan kesyon chili a,
se yon peyi ki genyen 12 peryòd nan
listwa yo, ki gen plizyè etni ladanl sa vinn pèmèt ke nou jwenn gen yon pati
nan peyi a se ras endijèn yo nou jwenn plis pafwa yo pa konsidere yo tankou
chilyen nòmal ki konn sibi anpil diskriminasyon. Se youn nan pwen ki koz
gouvènman chili a ak senatè li yo ap chèche jwenn opòtinite pou mete etranje yo
deyò nan peyi a spesyalman ayisyen yo akoz ke nou pa reponn nan kesyon
diplomasi a, gouvènman an jwenn yon sitwayen ayisyen ke li manipile, ki di
konsa ke pèp la bezwen retounen nan peyi yo,
e yo menm di, sitwayen sa a gen pwoblèm ak gouvènman chili a e se li
menm ki pran desizyon sa a nan non yon òganizasyon ke moun yo poko ka janm
idantinfye .
Gouvènman an tou pwofite okazyon
sila a ak yon plan degize ke yo rele PLAN IMANITÈ RETOUNEN (PLAN HUMANITARIO
RETORNO) men pou kèk lòt sitwayen, jan li fèt la se yon souflèt pou kominote
ayisyèn nan. Gen kèk òganizasyon ayisyèn ki te fè tande vwa yo apre anpil tan
pwosesis la potko egzekite atravè yon lèt ke yo te adrese bay gouvènman an men
malerezman pou yon pakèt lòt moun, yo di
konsa ke yo te pran twò ta e ki kote yo te ye lè yo te anonse sa a. Apre ke gouvènman an te pèmèt vwayaj sitwayen
ki te enskri nan pwosesis la reyisi
anpil lòt òganizasyon ta pral òganize yon manifestasyon kont sistèm politik ke
prezidan an ap bat pou li mete nan peyi a, yo di konsa ke se travayè
entènasyonal yo ye, yo pa delenkan, se te pawòl sa yo ke yo tap di nan
manifestasyon an. Nou te jwenn drapo
tout nasyon ki te nan chili nan manifestasyon sa a. Pa bliye tou te gen yon
pakèt lòt revandikasyon ke manifestan yo te fè pase nan okazyon sa a kote ke yo
tap mande jistis pou Johanne Florvil
, yon jèn ayisyèn ki te mouri nan prizon chili akoz yo te rann kont se paske yo
tap maltretel ak yon pakèt lòt moun ankò. Ki desizyon gouvènman an pran pou li
rezoud pwoblèm sa a? Men jiskaprezan nou poko konnen kisa ke gouvènman an di
apwopo de manifestasyon sa a.
Daprè yon etid ke yon òganizasyon ki rele CENEM (Centro National De Estudios De migración) nan peyi chili te
fè, yo fè konprann ke genyen 86% ayisyen ki an difikilte pou jwenn travay nan
peyi a daprè Medardo Aguirre direktè
antite sa a. Kounyè a nou pral chèche
idantifye pwoblèm yo poun konnen eske se yon peyi rasis li ye vre.
Daprè lwa konstitisyon peyi chili, lè yon moun rantre nan peyi a tankou
touris, gen lwa ki bay opòtinite kew kapab rete nan peyi a siw vle. Kijan
pwosesis sa a fèt? Nòmalman apre papye ke PDI baw la, ki di konbyen jou wap
pase nan peyi a tankou touris, avan li ekspire, wap bezwen ale travay nan yon
antrepriz, se yo menm kap baw yon kontra ki di konsa ke mwen rekonèt moun sa a
lap travay avèk mwen e map aplike tout sa lwa peyi a di, apre sa ou pral depoze
kontra sa a nan sèvis migrasyon. Sitwayen sa a dwe jwenn yon papye ki di konsa
li gen pèmi travay e apati de sa tou, fòk antrepriz la peye asirans de sante
pou sitwayen an si toutfwa li ta malad pou li ale lopital. Pafwa sa konn pa
rive fèt e antrepriz la konn pa vle fèl oubyen nou kapab di se ak patwon wap
travay la ki pa vle peyel pou ou. Se youn nan pwoblèm ke imigran ayisyen yo ap
konfwonte nan peyi a paske patwon yo pa vle peye asirans sante pou yo, menm si
yo malad, yo paka ale lopital pou yo pran swen.
Men kesyon map poze, eske se pou
tout imigran yo patwon sa yo fèl? Daprè tout rechèch ke mwen fè e ak moun ke
mwen pale, mwen poko jwenn ka sa yo sof ke sitwayen sa a ta mande pou yo ba li
tout kòb li. Youn nan grenn avantaj ke lòt imigran yo genyen ke ayisyen yo se
paske yo konn pale lang lan tou, se sak fè ke yo pa ka fè yo nenpòt bagay nan
travay. Eske se paske ayisyen yo pa pale espanyòl ki koz sa an reyalite? Map di wi
lang la se yon baryè li ye pou yo
e daprè menm enstitisyon sa a, yo di konsa ke se 60.1% ayisyen ki pa pale lang la e sa ki ka pale yo
li pa fasil pou yo aji konsa avèk yo men sa pa vle di ke yo pa sibi zak
diskriminasyon dirèk oubyen endirèk.
Daprè mwen menm, si chili pat yon peyi ki gen rasis ladanl kòman fè se
plan retounen an yo bay resòtisan ayisyen yo? Mwen panse menm si sitwayen an te
mande retounen moun yo, mwen panse ke gouvenman an bò kote pal yo te kapab
itilize yon lòt mwayen pou yo te fè sa, pwiske gouvènman an konnen ke moun yo
pap travay, yo te ka kreye yon plan danplwa sosyal pou yo yon fason pou yo te
ka gen yon vi miyò pandan ke gouvènman an tap kreye yon travay stab pou yo. Sa
ke mwen twouve dwòl nan peyi a se paske pafwa sitwayen ki genyen papye pèmi
travay, lè li ale nan yon antrepriz, li ranpli tout fòm yo men kisa ki anpechel
travay pandan setan ou konn wè yon lòt resòtisan yon lòt peyi pa menm gen papye
pèmi travay la, antrepriz la aksepte anplwayel. Eske se paske li pi siperyè ke
resòtisan ayisyen an? Sa se yon jès rasis li ye paske sitwayen ayisyen an
ranpli tout fòm yo. E sitwayen ayisyen yo viktim anpil de bagay sa a e se sa ki
koz anpil sitwayen ayisyen yo retounen nan plan ke gouvènman an te bay la. Pafwa sa kap travay yo, patwon yo pa vle peye asirans sante pou yo e se
ak menm papye sa yo pou yo fè tout lòt pwosesis pou yo ka rezide nan peyi a men
sa ki gen ase kouraj yo, ki pran chemen lajistis pou yo, yo pa janm jwenn yon
chans pou yo ta rankontre avèk yon avoka piblik ki pou ta defann yo e sak resi
jwenn li an si ta gen yon bagay ki tonbe, avoka a pranl nan men yo depi anlè.
Nan sans sa a map di wi fòk nou pè politik sa a men se pa rezon tou poun lage
bay poun pa revandike dwa nou paske tout peyi nan mond lan gen koripsyon men
fòk nou kapab goumen pou sa ke nou kwè paske pa gen anyen ki fasil nan mond lan
e pa bliye se po nwa nou ye. Depiw wè ke wap viv nan yon peyi, wap viktim tout
sòt de zak malonèt, ou pa vle retounen nan peyiw sof ke:
- · Ou aksepte pèdi tout dinitew antanke moun.
- · Ou prè pouw goumen pou saw kwè.
- · Oubyen ou aksepte viv tankou bèt.
Konsèy
Mwen menm sa ke map konseye nou, lè ke nou twouve nou nan yon sitiyasyon
konsa, se pa rete chita gade ap plenyen, fòk nou gen ase kouraj poun denonse
patwon sa yo paske se nou menm kap peyel demen paske se imigran ke nou ye nan
peyi a, fòk nou pale pou yo konnen nan
ki sitiyasyon ke nap viv kòman patwon yo ap eksplwate kouraj nou, kòman yap fè
nou abi. Kòman nou kapab fè denonsyasyon sa yo? Nou prale nan enspeksyon travay
kote ke pouw ka denonse patwon an, toujou bat poun konnen non kote nap travay la ak adrès la paske
pafwa yo pa metel nan kontra a vre, fòk nou veyatif nan sans sa a. Siw pa konn
pale espanyòl, chèche wè ak yon òganizasyon ayisyen ak blan pou nou mande
akonpanye nou, pou yo ka tradwi pou nou e menm chèche jwenn yon chèn televizyon
ak radyo pou nou ka kontinye pwosesis la, pou leta a pran menl sitou ak
antrepriz yo paske gen anpil moun yo kòmanse nan pwosesis pou yo rezide se akoz
patwon an pat peye asirans sante pou yo, yo pa aksepte demand yo a epi yo ba yo menm
kat idantikasyon an ankò (Kanè). Grenn pwoblèm nou genyen se paske nou pap pale
e pa panse ke yo pap tande nou vre men si nou aplike teknik ke mwen pataje avèk
nou anlè a, Mwen panse ke yap wè nou yon lòt fason e lòt bagay ke mw te vle
ajoute, fòk nou chèche liv konstitisyon peyi a pou nou li e chèche moun ki pou
ede nou konprann sa ke nou li yo, ou pa bezwen avoka pou sa men se jis nap gen
yon nosyon de lwa peyi a pou nou konnen kijan pou nou konpòte nou poun pa
toujou viktim.
Chile peyi kk peyi esclave ale male se dam oblige mw pap di de chile pen ak dlo sikre ki fe vim
RépondreSupprimerMonchè map felisitew pou gwo efo sa a kew chwazi fè pou ede kominote ayiyèn nan kap viv chili. Mw swetew toujou kontinye konsa.
RépondreSupprimer