KONTRA TRAVAY ENDIVIDYÈL AK FÒMASYON TRAVAY
TIT I
KONTRA ENDIVIDYÈL TRAVAY
CHAPIT I
RÈG JENERAL YO
Atik 7°. Kontra
endividyèl travay la, se yon konvansyon ladanl patwon an ak travayè a yo oblije
resipwòkman prete sèvis pèsonèl yo sou depandans ak sibòdinasyon premye a e ke
patwon sa a ap peye pou tout sèvis sa yo yon kantite kòb detèmine.
Atik 8°. Tout
prestasyon sèvis nan tèm ki sinyale nan
atik anlè yo fè konsidere egzistans yon kontra travay.
Tout moun kap prete sèvis yo kap fè
travay oubyen kap egzekite travay dirèkteman nan piblik la, oubyen tout moun ki
fè yo pa kontinye yo oubyen ki pa regilye nan travay la, yo pa merite kontra
travay.
Annou di tou ke yo pa bay kontra ak
yon elèv kap prete sèvis li oubyen ki rantre nan yon enstitisyon edikasyon
siperyè oubyen nan ansèyman mezi teknik-pwofesyonèl pandan yon tan detèmine,
pou ranpli demand pratik pwofesyonèl li. sepandan, annou di nan antrepriz ke la
fè pratik la ap ba li manje ak deplasman, oubyen lajan rekonpans, lajan davans
ak eksprè, sa ki pa pral fè lajan sa a legal devan lajistis.
Règ sa yo ki nan kòd la sèlman yap
aplike yo sou travayè endepandan yo nan ka ladanl yo fè eksprè yo refere yo ak
moun sa yo.
Sa a bon anpil e mw swete wap pataje plis atik avèk nou poun ka genyen yon ide nan lwa chilyèn nan.
RépondreSupprimer