samedi 29 juin 2019

KISA LÈ EKSTRAÒDINÈ A YE? (LÈ ANPLIS, JOUNEN ANPLIS LA)



Jodi a mwen pral pale ak nou sou kesyon ki gen rapò ak lè anplis nan travay kote ke gen anpil moun ki pa pote atansyon lè yap siyen yon kontra ak yon patwon oubyen ak yon antrepriz.
Nòmalman lè wap siyen yon kontra ak yon patwon oubyen ak yon antrepriz, ou dwe ale lakay yon notè pouw fè sa, e lèw rive lakay notè a, ou dwe pran tanw pou li sa ki ekri nan kontra a e tout fwa ou ta gen yon dout oubyen ou manke konprann sa kew li a, ou ka toujou mande patwon an oubyen notè a pou li esplikew sa ki ekri a. Genyen anpil nan nou ki viktim nan sistèm nan se paske nou pa janm pote atansyon ak anyen, se apre nap di nou pat konnen men li gentan twò ta pou nou.

Se sa ki koz lè nou rele yon patwon nan tribinal, li toujou genyen nou e lè sa a nou pral di peyi a pa gen jistis men nou pa vle pran konsyans ke nou fè erè depi nan kòmansman. Mwen konnen ke sitiyasyon an konplike pou nou jwenn travay men nou dwe pote anpil atansyon nan kontra nap siyen yo sitou ak papye ke nou pa konnen kisa li ye an reyalite. Se vre ke nou bezwen travay men li enpòtan tou poun konnen nan ki sistèm nap evolye poun evite viktim. Se sak fè mwen kreye titan pou mwen espliske nou kèk bagay nou ta dwe konnen kòm baz si tout fwa nou ta fè fas avèk yo, pou nou konnen kisa nou ta dwe fè. Se nan lojik sa a, mwen ekri atik sa a pou mwen espliske nou kèk lwa sou travay.

Atansyon: Ide yo pa sòti nan mwen menm, se nan liv kòd travay chili a mwen pran yo e mwen entèpretel nan fason pam pou mwen esplike nou sa ki ekri a pou nou ka gen yon ide paske mwen pa yon avoka.

KISA LÈ EKSTRAÒDINÈ A YE? (LÈ ANPLIS, JOUNEN ANPLIS LA)
Se tout lè travay kew fè anplis oubyen lè ou mete anplis pa rapò jounen travay kew te konn abitye fè ki siyen nan kontra travay ou, oubyen nou te kapab di se 45 è tan maksimòm legal ou ta dwe fè nan travay ou.

 NAN KI SIKONSTANS YO SIYEN AKÒ SOU LÈ EKSTRAÒDINÈ A?
Se pou pote atansyon nan bezwen tranzitwa oubyen sitiyasyon tanporè antrepriz la e li pa dwe koze okenn domaj nan sante travayè a.

KÒMAN YO SIYEN AKÒ LÈ EKSTRAÒDINÈ A?
Li dwe ekri e avèk yon validite ki pa siperyè ak twa (3) mwa ki kapab renouvle antre de (2) pati yo. Si pa gen akò ki ekri, yo konsidere lè ekstraòdinè sa a, se fè moun abi pa rapò sa ki te ekri nan kontra a e patwon an konnen li pa dwe fè.     

KONBYEN TAN YO TA DWE TRAVAY NAN LÈ EKSTRAÒDINÈ A PA JOU?
Daprè lalwa, yon moun pa dwe travay plis ke 2 è de tan nan lè ekstraòdinè a pa jou.

KÒMAN YO KONTWOLE LÈ EKSTRAÒDINÈ A?
Patwon yo genyen obligasyon pou yo konte nan rejis asistans ki fèt tankou liv asistans pèsonèl la, lè ki kontwole anrejistreman an oubyen sistèm ki otomatik avèk kat band manyetik la (Se yon ti kat ki fèt menm jan ak kat bip la) oubyen anpwent dijital.



0 commentaires:

Enregistrer un commentaire