dimanche 18 novembre 2018

KÈK PRENSIP DE BAZ OU TA DWE KONNEN NAN LWA CHILYÈN NAN


Nou tout konnen chak peyi a nan mond lan, gen konstitisyon pa yo e lalwa prevwa yo kisa yo dwe fè, ki prensip yo pa dwe vyole nan peyi a. Se nan objektif sa a antanke sitwayen mwen ta renmen pataje avèk nou kèk prensip de baz poun konnen kijan nou dwe konpòte nou, poun evite tout zak malonèt ke nou te kapab imajine ki ka rive. Mwen pral pale nou de lwa travay men map kòmanse depi nan baz poun ka genyen yon ide jeneral.

BAGAY DE BAZ YO
ATIK 1°. Tout relasyon travay ant patwon yo avèk travayè yo, yo dwe regilarize avèk kòd travay la avèk lwa konplemantè yo.
Prensip sa yo pap aplike ak fonksyonè nan administrasyon leta santral e desantralize,  kongrè nasyonal ak pouvwa jidisyè, ni avèk travayè nan antrepriz yo oubyen enstitisyon leta yo oubyen enstitisyon ki gen sipò leta a, patisipasyon oubyen reprezantasyon sèlman fonksyonè yo oubyen travayè yo ke nou jwenn ki obeyi ak yon lwa stati spesyal.

Anplis de sa,  tout travayè ki nan enstitisyon ke nou sot site nan pati anlè a ak tout sa nou di yo, yo dwe fèt nan prensip kòd travay la avèk tout aspè oubyen materyèl ki pa regilye ki pa respekte stati yo sèlman enstitisyon sa yo andeyò lalwa.
Tout travayè kap prete sèvis yo nan travay lakay notè yo, achiv yo, konsèvatè yo, yo dwe aplike prensip kòd sa a.

ATIK 2°. Nou rekonèt tout moun kap travay nan fonksyon sosyal ak tout moun ki anplwaye  e kap bay fòs yo nan travay legal ke yo chwazi.
Tout relasyon travay yo toujou dwe fonde sou yon tretman konpatib  avèk dinyite moun nan. Si li kontrè ak sa, genyen lòt bagay, zak vyòl, nou konnen se sa moun nan fè nan fòm ilegal, kèlkeswa mwayen an, nap mande moun nan gen relayon sekyèl, san konsantman moun ki rezevwa li yo ke yap menase oubyen nwi nan fonksyon travay li oubyen pou djòb la.
-Se menm bagay la, si li kontrè ak dinyite moun ke yo frape nan travay, nou konprann se pou sa ki fè agresyon oubyen patwon an kontinye frape youn oubyen plizyè lòt travayè kont yon lòt oubyen plizyè lòt travayè, kèlkeswa mwayen an ap genyen tankou rezilta pou moun ke yo yo frape yon defisyans mantal, abi oubyen imilyasyon oubyen ke moun yap menase oubyen nwi sitiyasyon travay li oubyen opòtinitel nan travay la.
-Bagay sa yo, yo pa respekte lwa travay yo zak diskriminasyon sa yo. Zak diskriminasyon yo, diferans yo, esklisyon yo oubyen preferans baze sou motif de raz, koulè, sèks, laj, eta sivil, sendikasyon, relijyon, opinyon politik, nasyonalite, jenerasyon ou sòti, sitiyasyon ekonomik, lang, kwayans, patisipasyon nan òganizasyon linyon, oryantasyon seksyèl, idantite moun nan, gwoup moun nan afilye, maladi oubyen domaj oubyen orijin sosyal, yo genyen pou objektif anile oubyen jwenn tout opòtinite legal oubyen tretman nan travay ak okipasyon yo.
-Anplis de sa, diferans yo, esklizyon yo oubyen preferans baze sou kalifikasyon yo pou yon travay detèmine, yo pa konsidere yo tankou diskriminayon.
Pou sa ki pase avan yo e san prejije de lòt dispozisyon de kòd travay sa a, Zak diskriminasyon sa yo, se patwon kap ofri travay yo ki fèl dirèkteman oubyen atravè  yon ti gwoup moun e kèlkewa mwayen ke yap mande yo tankou yon pyès pou yo reponn ak kondisyon yo mande yo. kèlkeswa nan pati ke nou refere nan katriyèm paragraf la.
-Okenn patwon, pa kapab mete kondisyon nan kontra travayè a nan absans oblije ak fen ekonomik, finansyè, bankè oubyen komèsyal ki konfòm ak lalwa. Yo kapab enfòme responsab yo de rejis yo oubyen bank yo done pèsonèl yo; ni egzije pou yon fen deklarasyon ni sètifye kèk bagay. Sèlman, travayè yo kapab reprezante patwon an  tankou jesyonè, direktè adjwen, jeran, oubyen prokirè, sèlman nan ka sa yo, yo kapab dote omwen pou fakilte general administrasyon e travayè sa yo genyen pou chaj kolekte, jere, lajan ak plizyè lòt bagay ki genyen valè natirèl.
-Nou dikiste sa yo nan 3 ak 4 paragraf de atik sa a avèk tout obligasyon ak responsabilite ke patwon yo dwe pran, pou yo konprann kijan pou yo fè kontra ke yap bay yo.
Sa ki koresponn ak leta a se poul pwoteje travayè a ak dwa li genyen poul chwazi  travay lib e gade tout prensip kap jere prestasyon sèvis li yo. 

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire