samedi 1 décembre 2018

AYITI DIPLOMASI



Eske se paske diplomasi ayisyèn nan pa reponn sou plan entènasyonal ki koz tout kote ayisyen pase yo paka alèz?
Apre tout rechèch ke mwen fè, nan ane 70, 80 yo, diplomasi ayisyèn nan te kenbe eskanp figil malgre tout repwòch ke yo te kapab fè gouvènman ki te la a, ayiti te genyen yon minimòm de respè malgre ke yo menm tou, yo te fè anpil erè. Se vre ke nou genyen yon pakèt dat istorik nan diplomasi nou an men sa pat anpeche ke yo te mete nou nan yon sitiyasyon difisil jiskaske ki vinn debouche sou yon revolisyon. 
Pwoblèm nan se kisa li te ye? Lefè ke gouvènman an pat vle obeyi avèk yon seri de pozisyon ke yo te pran nan diplomasi a avèk vizyon politik ke yo te genyen ak aksyon ke gouvènman an tap poze nan peyi a jan kèk sitwayen tap viv reyalite sa a, daprè yo menm li pat dwe fèt konsa. Pwiske gouvènmn an, te bezwen kenbe pouvwa a pou tout tan, yo pat vle rantre nan kesyon demokrasi a daprè kèk moun ki te nan pouvwa a, yo te konprann ke pèp la potko prè pou sa e ki ta pral koz lanmò anpil moun, anpil arestasyon politik ak yon pakèt lòt moun te pran egzil.
Youn nan bagay ki te vinn pat jwe anfavè gouvènman an, se te atake medya yo paske yo pat gen dwa denonse sa ki tap pase nan peyi a e kote ke nou ta pral jwenn anpil moun ki tap lite pou demokrasi a. Youn nan figi anblematik ke nou te genyen nan medya a, se te Lilianne Pierre Paul ke yo ta pral arete abitrèman akoz li pat vle obeyi ak sistèm gouvènman an e li te vle pou genyen yon demokrasi nan peyi a kote ke yon moun ka di sa ke li panse e dwa li respekte.  
Gen moun ki di se apre eleksyon 90 yo, peyi a pral konnen anpil difikilte avèk presidan Jean Bertrand Aristide spesyalman nan epòk anbagwo ke presidan an te aksepte pou peyi a pran e kraze lame dayiti pou li te ka retounen 94, se lè sa a pou kèk moun ameriken te jwenn gran posiblite pou li te rantre nan kesyon diplomasi nou an, manipile tout diplomat nou yo, fè koripsyon avèk yo.
Apre 2004 anpil moun te di ke kabap gen chans ak presidan René Garcia Préval paske pou anpil moun, yo te di ke li konn tèren an byen, yo panse ke diplomasi nou an ap gen chans repran eskanp figil men tout bagay pat ale jan ke tout moun te pansel la men amelyorasyon ke gouvènman an tap bat pou li pote pou pèp la pat rive satisfè yo jan ke yo te prevwal la sitou ak eleksyon kout maltaye ke pèp la pat ka rive konprann ki ta pral dejenere nèt ak yon gouvènman ke pèp la te di se pa moun yo te vote a ke yo ba yo.
Gouvènman sa a ta pral konnen moman difisil jiskaske yo rive nan fen manda yo ak yon opozisyon ki te toujou nan lari a ki tap manifeste, kreye dezòd, denonse gouvènman ki te anplas la ki vinn koz ke pa gentan pou moun wè kisa peyi a ap regle nan kesyon diplomasi a ke anpil moun di, se yon pakèt moun enkonpetan ki nan plas sa yo, se te bagay ti zanmi ki tap regle ki koz anpil ayisyen nan repiblik dominikèn ap depòte jounen jodi a akoz yon lwa ke gouvènman dominiken an te pran kont ayisyen ki tap sikile nan peyi yo a ilegal. Nou vinn paka fè anyen nan diplomasi a, nou paka pran okenn desizyon paske se yon pakèt moun ki wè lajan sèlman ki reprezante nou nan kèk anbasad nan mond lan, ki paka pran okenn desizyon nan kèlkeswa reyinyon ke yo patisipe pou pèp ayisyen an paske yo fè twòp koripsyon, yo gen zanno yo lakay òfèv, yo paka pale.
Chili se youn nan peyi ki pral pwouve ke nou se yon nasyon ki pap regle anyen, apre tout ayisyen sa yo ki vinn kreye yon kominote nan chili, ki vinn genyen  yon anbasad, kote ke leta ayisyen jiska kounyè a se yon chaje dafè ke yo mete ki paka pran okenn desizyon favorab pou pèp la nan kèlkeswa reyinyon ke yo ta patisipe nan peyi a. yo menm, yo se youn ladan yo kap fè sitwayen sa yo pase mizè paske yo bezwen sèvis yo paka jwenn li nan yon tan ke yo prevwa. Kòman nou te ka konprann ke se yon senp sitwayen kap pran desizyon politik pou kominote a ki pa menm yon chaje dafè? Pandan setan, pèp la ap viktim tout zak malonèt, chaje dafè a mèt la, li paka di anyen pou li defann nou antanke premye sitwayen ke nou genyen nan peyi a. Kesyon map poze, poukisa Jovenel Moïse, te voye Carl Benny Raymond ale pandan setan li konnen ke se te yon lòt chaje dafè li tap mete nan anbasad la? Si mwen konprann byen se paske yo te di lajan sètifika yo pat rive nan kès gouvènman an ki koz yo te oblije voye Carl Benny Raymond ale pou yo te ka ranplasel ak chaje dafè ke mwen wè la a? Franchman mwen pa wè diferans non, se toujou menm bagay yo ki kontinye ap fèt. Se paske moun chili pa merite yon anbasadè ki koz nou paka genyen youn ki pou pran desizyon politik yo pou nou yon fason poun genyen yon lòt vizaj nan peyi a? Pou mwen menm, pa gen yon moun nan leta a ki inosan nan sa kap fèt la paske yo te byen konnen sa ta pral rive la. E poun ale pi lwen fòk nou wè se paske nou pa reponn nan diplomasi a ki koz jounen jodi a yo ka depòte moun kanada yo, Etazini yo, Chili yo ak yon pakèt lòt ti peyi ankò. Nan ka sa a kisa nou pral fè lè ke moun sa yo rantre nan peyi a? Si plas sa yo pat achte, mwen panse ke diplomat sa yo tap fè tout sa ki posib pou yo te jwenn yon fòmil ki te pou pèmèt sitwayen sa yo jwenn sa ke yap chèche a malerezman se yon pakèt moun ke yo di ki enkopetan nou jwenn nan plas sa yo epi se lajan yo ki pèmèt yo la,  se nòmal yo paka fè gwo bagay pou moun sa yo kap soufri a pou yon bout papye sitou pou moun chili yo ke leta ayisyen pa bay yo regle anyen pou yo, depòtasyon degize, ou poko janm wè kisa leta di apwopo de moun sa yo kap soufri pou yon bout papye kap pran pretèks ke yo okipe akoz lajan petwokaribe sa a. Se ayiti sa a nou vle a kote pwòp premye sitwayen peyil pa sousye de pèp li.

Map konseye prezidan an pou li  bay tout moun chili sipò ke li kapab paske yo se dyaspora menm jan ak tout dyaspora lòt peyi yo e si gouvènman chilyen an ap maltrete moun yo se paske gouvènman’w lan pa reponn sou kesyon diplomasi an paske se ou menm ki plase pou sa e pa bliye ke yo se kontribitè tou paske nan transfè ke yo fè yo, nou pran yon dola senkant sou yo (1.50). Mete yon anbasadè ki pou pran desizyon politik yo pou kominote a paske ou konnen chaje dafè a paka fè anyen pou kominote a e nou menm rive nan yon sitiyasyon ijans sitou ak plan imanitè retounen sa a kote ke depi chilyen an wè ayisyen lap dil pou li ale lakay li, li paka di sa ke li panse de peyi a men si te gen yon anbasadè, ou kwè nou tap rive la ? Prezidan ou gen chans pouw pwouve pèp la ke ou vle ede yo e mwen menm pèsonèlman, map diw ou responsab tou paske gen anpil bagay kew te ka gentan fè pou moun yo. Reseziw pou reponn ak bezwen moun yo prezidan.      

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire