samedi 29 juin 2019

KISA LÈ EKSTRAÒDINÈ A YE? (LÈ ANPLIS, JOUNEN ANPLIS LA)



Jodi a mwen pral pale ak nou sou kesyon ki gen rapò ak lè anplis nan travay kote ke gen anpil moun ki pa pote atansyon lè yap siyen yon kontra ak yon patwon oubyen ak yon antrepriz.
Nòmalman lè wap siyen yon kontra ak yon patwon oubyen ak yon antrepriz, ou dwe ale lakay yon notè pouw fè sa, e lèw rive lakay notè a, ou dwe pran tanw pou li sa ki ekri nan kontra a e tout fwa ou ta gen yon dout oubyen ou manke konprann sa kew li a, ou ka toujou mande patwon an oubyen notè a pou li esplikew sa ki ekri a. Genyen anpil nan nou ki viktim nan sistèm nan se paske nou pa janm pote atansyon ak anyen, se apre nap di nou pat konnen men li gentan twò ta pou nou.

Se sa ki koz lè nou rele yon patwon nan tribinal, li toujou genyen nou e lè sa a nou pral di peyi a pa gen jistis men nou pa vle pran konsyans ke nou fè erè depi nan kòmansman. Mwen konnen ke sitiyasyon an konplike pou nou jwenn travay men nou dwe pote anpil atansyon nan kontra nap siyen yo sitou ak papye ke nou pa konnen kisa li ye an reyalite. Se vre ke nou bezwen travay men li enpòtan tou poun konnen nan ki sistèm nap evolye poun evite viktim. Se sak fè mwen kreye titan pou mwen espliske nou kèk bagay nou ta dwe konnen kòm baz si tout fwa nou ta fè fas avèk yo, pou nou konnen kisa nou ta dwe fè. Se nan lojik sa a, mwen ekri atik sa a pou mwen espliske nou kèk lwa sou travay.

Atansyon: Ide yo pa sòti nan mwen menm, se nan liv kòd travay chili a mwen pran yo e mwen entèpretel nan fason pam pou mwen esplike nou sa ki ekri a pou nou ka gen yon ide paske mwen pa yon avoka.

KISA LÈ EKSTRAÒDINÈ A YE? (LÈ ANPLIS, JOUNEN ANPLIS LA)
Se tout lè travay kew fè anplis oubyen lè ou mete anplis pa rapò jounen travay kew te konn abitye fè ki siyen nan kontra travay ou, oubyen nou te kapab di se 45 è tan maksimòm legal ou ta dwe fè nan travay ou.

 NAN KI SIKONSTANS YO SIYEN AKÒ SOU LÈ EKSTRAÒDINÈ A?
Se pou pote atansyon nan bezwen tranzitwa oubyen sitiyasyon tanporè antrepriz la e li pa dwe koze okenn domaj nan sante travayè a.

KÒMAN YO SIYEN AKÒ LÈ EKSTRAÒDINÈ A?
Li dwe ekri e avèk yon validite ki pa siperyè ak twa (3) mwa ki kapab renouvle antre de (2) pati yo. Si pa gen akò ki ekri, yo konsidere lè ekstraòdinè sa a, se fè moun abi pa rapò sa ki te ekri nan kontra a e patwon an konnen li pa dwe fè.     

KONBYEN TAN YO TA DWE TRAVAY NAN LÈ EKSTRAÒDINÈ A PA JOU?
Daprè lalwa, yon moun pa dwe travay plis ke 2 è de tan nan lè ekstraòdinè a pa jou.

KÒMAN YO KONTWOLE LÈ EKSTRAÒDINÈ A?
Patwon yo genyen obligasyon pou yo konte nan rejis asistans ki fèt tankou liv asistans pèsonèl la, lè ki kontwole anrejistreman an oubyen sistèm ki otomatik avèk kat band manyetik la (Se yon ti kat ki fèt menm jan ak kat bip la) oubyen anpwent dijital.



lundi 22 avril 2019

POUKISA CHILI FASILITE VINI IMIGRAN VENEZELYEN YO E METE DIFIKILTE AVÈK IMIGRAN AYISYEN YO? (Yon rapèl)


“Chili pat abitye avèk imigran nwa. Moun yo tap poze tèt yo kesyon poukisa tout ayisyen sa yo, yo kwè ke nou pral chanje peyi a. E pèsòn moun pa poze tèt li kesyon si chanjman sa a ta kapab fèt se pou byen” .


Se sou sa Wadner Maignan bay opinyon’l, yon ayisyen ki te rive chili nan yon entèchanjman inivèsitè e nan aktyalite kap travay tankou medyatè entèkiltirèl nan sèvis Jesuita de Migrantes, yon fondasyon ki akeyi imigran ki sòti nan peyil.
Maignan denonse ke diskriminasyon an ogmante pandan ke imigrasyon afrokararibeyèn nan ap ogmante.
Menm diskriminasyon ke ekspè yo ak reprezantan kominote ayisyèn nan, yo te deplore nouvo pwojè lwa imigrasyon ki te anonse pa prezidan Sebatián Piñera ansanm ak lòt mezi administrativ yo.

Nan sèlman sèt (7) jou de antisipasyon, prezidan chilyen an di ke apati 16 avril, tout moun kap sòti ayiti dwe fè pwosesis viza touris yo nan konsila chili ki nan peyi yo kap dire 30 jou « San okenn fen imigrasyon, rezidans oubyen devlopman aktivite peye »
Tout moun ki nan peyi karayib la ki swete travay oubyen kap chèche èd imanitè, moun sa yo dwe genyen yon viza spesyal.
Mezi ki kont tout anons nan kesyon venezela a se kote pwosesis demand visa spesyal de responsabilite demokratik la pral kapab prolonje nan yon ane oubyen 2 ane.



Nan yon Facebook andirèk ki te dire 13 minit, prezidan Sebatián Piñera te eksplike yon jou apre anonsman lespri mezi yo.
« Nou pap kapab pèmèt ke yap rantre chili nan kantite 100 mil, tout moun sa yo ki kòmanse e ki pa respekte lwa imigrasyon nou yo paske yo vini tankou touris e ki pa touris e plizyè fwa kap fè abi ak eksplwate kap fè biznis vann moun » Se sa mandatè a te di.
Jiska kounè a, lwa pèmèt rantre tout moun kap sòti ayiti avèk yn viza touris apati de lwa ki fèk pibliye a, yap kapab mande yon viza rezidans tanporè, travay oubyen etidyan.

TOURIS KI PASE POU REZIDAN
Imigran ki sòti ayiti ak venezela ap ogmante konsiderableman nan dènye ane ki sot pase yo.
Daprè chif ofisyèl ki fèk sòti, imigran ki te rantre yo, se te sidameriken yo tankou touris e aprè yo te mande lòt tip de viza ki te ogmante ak 26.858 moun ant ayisyen yo (de 8.419 a 35.277) e nan 21.250 moun  ant venezelyen yo (de 9.501 a 30.751) antre nan ane 2015 ak 2016.
Chif sa yo prèske menm bagay e kwasans la ap ogmante nan lis 2 prensipal gwoup imigran nan peyi a. Pou moun ki sòti perou yo, demand viza pa yo a desann de 29.980 a 28.558 e avèk kolonbyen yo kap ogmante de 20.145 a 28.361 nan menm peryòd sa a.
Sou ka venezelyen yo, Piñera te anonse ke” viza de responsabilite demokratik la” pran an konsiderasyon “grav kriz demokratik ki tap sakaje venezela a, peyi ki te resevwa anpil chilyen ki tap chèche refij yo sou fwontyè”

Aprè frap militè de Augusto Pinochet, 11 septanm 1973, yo te kalkile ke 200.000 moun te kite chili tap chèche lòt peyi yo.
Kantite chilyen nan venezela te ogmante de 3.000 an 1971 a 24.000 an 1980

Ekriven Isabel Allende, ansyen rektè Inivèsite Katolik chili, Fernando Castillo Velasco, oubyen ansyen minis e politisyen Sergio Bitar yo te rakonte ki moun ki te chwazi yo nan peyi a.
Menm si anpil nan chilyen sa yo te reprezante ide diferan nan batay sant dwat la ke Piñera jodi a te kenbe. Mandatè a te valorize jès istorik sa a venezela te fè nan lè li tap anonse viza a.
Mandatè a te youn nan lidè rejyonal yo ki te pi prè e ki te kenbe ak opozisyon venezelyèn nan.
An 2015, li te eseye visite lidè opozisyon an Leopoldo López e yo te asime yon chaj  pou reyitere angajman nan soufrans ak doulè pèp venezelyen an.

E AYITI?
Daprè polis envestigasyon chili, (PDI), chif imigran ayisyen yo te genyen yn ogmantasyon eksplosif pandan ane 2017 la, li te rive nan 100.000


Yon bon pati nan imigran sa yo te rive nan peyi a atravè yon liy aeryèn ki rele LAW ki kouvri wout dirèk ant pòtoprens ak Santiago depi fen 2016.
Malgre yo te peye tikè aleretou, chif moun ki te anbake pou retou a te enferyè ak sa ki te vini yo.
Pandan premye semèn mas la, PDI te refize 62 ayisyen antre chili. Devan yon demand devan lajistis, lakou siprèm chilyèn pat tranche an favè imigran yo, pandan yo tap pote agiman ke yo te mande yo sètifika bòn vi ak vye mès ki kontrè ak kalite touris ki te anfavè yo pandan yo te rive nan peyi a.

Devan nouvo lwa yo, ekspè nan imigrasyon yo te kritike ke chili bay yon tretman spesyal ak Ayiti e avèti yo ke imigrasyon ilegal la pral ogmante.
Gouvènman reponn avèk sal i tap chèche se “ METE LÒD NAN KAY LA” e selon chif pa’l yo, 98% ayisyen kap rantre chili tankou touris ki vle rete nan peyi a dwe mande viza tanporè
“Chili te gen abitid resevwa imigran ki te sòti nan peyi ewop pou fè biznis. Aprè anpil moun latino ameriken ak karayib la vini. Gen yon mas ayisyen nwa e se sak fè sijè koulè a se yon kesyon global e gen anpil rasis pou fini Wadner Maignan

Pandan setan, te gen yon douzèn imigran ki te ale frape pòt lapolis chilyèn pou pwofite lòt eleman ki anonse pa Piñera yo: Yon dekrè pou moun ki etranje ki te antre jiska 8 avril pou pasaj ki pat otorize e ki pat gen papye sètifika bòn vye mès la pral kapab mete yo an lòd nan 90 jou. 

NB: Atik sa a se yon tradiksyon li ye paske mwen te fè rapèl la pou moun ki te manke konprann lè mezi sa yo tap pran. Ou menm ki ta renmen lil nan vrè vèsyon an, jis klike sou lenk lan ble a. Mèsi pou konpreansyonw!