vendredi 14 décembre 2018

KONTRA TRAVAY ENDIVIDYÈL AK FÒMASYON TRAVAY

KONTRA TRAVAY ENDIVIDYÈL AK FÒMASYON TRAVAY


TIT I
KONTRA ENDIVIDYÈL TRAVAY
CHAPIT I
RÈG JENERAL YO

Atik 7°. Kontra endividyèl travay la, se yon konvansyon ladanl patwon an ak travayè a yo oblije resipwòkman prete sèvis pèsonèl yo sou depandans ak sibòdinasyon premye a e ke patwon sa a ap peye pou tout sèvis sa yo yon kantite kòb detèmine.


Atik 8°. Tout prestasyon sèvis nan tèm  ki sinyale nan atik anlè yo fè konsidere egzistans yon kontra travay.
            Tout moun kap prete sèvis yo kap fè travay oubyen kap egzekite travay dirèkteman nan piblik la, oubyen tout moun ki fè yo pa kontinye yo oubyen ki pa regilye nan travay la, yo pa merite kontra travay.

            Annou di tou ke yo pa bay kontra ak yon elèv kap prete sèvis li oubyen ki rantre nan yon enstitisyon edikasyon siperyè oubyen nan ansèyman mezi teknik-pwofesyonèl pandan yon tan detèmine, pou ranpli demand pratik pwofesyonèl li. sepandan, annou di nan antrepriz ke la fè pratik la ap ba li manje ak deplasman, oubyen lajan rekonpans, lajan davans ak eksprè, sa ki pa pral fè lajan sa a legal devan lajistis.

            Règ sa yo ki nan kòd la sèlman yap aplike yo sou travayè endepandan yo nan ka ladanl yo fè eksprè yo refere yo ak moun sa yo.



samedi 8 décembre 2018

KÈK PRENSIP DE BAZ OU TA DWE KONNEN NAN LWA CHILYÈN NAN (SWIT)

KONTINITE SOU PRENSIP DE BAZ LWA CHILYÈN NAN


Atik 3°. Pou tout bagay legal li gen ladanl:

         Patwon: Moun natirèl oubyen jiridik kap itilize tout sèvis entèlektyèl oubyen matyè youn oubyen plizyè moun nan dwe genyen yon kontra nan menl

  Travayè: Tout moun natirèl kap prete sèvis pèsonèl entèlektyèl yo oubyen matyè  yo ki depann oubyen gen entèlektyèl yo oubyen matyè yo ki depann de yon moun oubyen gen yon moun sou tèt li, li dwe genyen yon kontra travay e
  
       Travayè endepandan: Li menm lap fè aktivite pou li defann tèt li, li pa depann de yon patwon, li pa gen travayè ki depann de li.

Patwon an dwe travayè endepandan an bagay previzyonèl  yo, bagay ki gen rapò ak lwa sou travay  ak sekirite sosyal, li gen ladanl antrepriz, tout òganizasyon avèk enterè pèsonèl, ki gen matyè ki pa gen matyè ki gen lòd anba direksyon patwon an, pou reyisit ak fen ekonomik, sosyal, kiltirèl oubyen benefis fèt  avèk endividyalite dwe  legal.

De oubyen plizyè antrepriz pral konsidere tankou yon sèl patwon pou bagay travay ak previzyonèl yo, lè yo genyen menm travay  e yap fè konkou antre yo pandan yap respekte tout kondisyon tankou similitid, tout bagay nesesè konplemantè pwodwi yo oubyen sèvis kap bay yo oubyen bagay ki genyen dwe kontwole ansanm.
Yon senp sikonstans patisipasyon nan pwopyete  antrepriz yo pat konfigire sèlman kèk bagay nan eleman yo oubyen kondisyon ki te sinyale nan pati anlè a.
Antrepriz yo ranpli tout dispozisyon nan pati kat la (4) nòmalman yap responsab pou tach tout obligasyon travay yo ak previzyon ki fèt nan lwa a, tout kontra endividyèl yo oubyen gwoup kolektif yo.

Tout kesyon yap mande pou aplikasyon nan pati anlè a se jij travay la kap pran yo konfòm nan paragraf 3° a chapit II tit I liv V kòd sa a, moun ki pral rezoud sijè a, li dwe enfòme direksyon travay pandan lap mande pou yo ba li plis enfòmasyon sou lòt pati administrasyon leta. Ekzekite tout aksyon jidisyè li sòti nan aplikasyon pati kat l, tankou santans definitif respektif, yo dwe anplis konsidere tout dispozisyon nan atik 507 kòd sa a.

Tout travayè, tout antrepriz konsidere tankou yon sèl patwon, yo kapab fè youn oubyen plizyè sendika ke yo mete yo an gwoup oubyen kenbe yon òganizasyon ki te gentan la,  yo kapab fè menm bagay la pou negosye koletivman avèk tout antrepriz ki te konsidere tankou yon patwon oubyen avèk chak youn ladan yo. Sendika ki anndan antrepriz yo ki fè gwoup spesyalman travayè depann de antrepriz yo ke yo te deklare tankou yon sèl patwon yap kapab prezante tout pwojè kontra kolektif, li obligatwa pou patwon an negosye avèk sendika yo. Nan tout ka sa yo, prezantasyon ak pwosesis pwojè kontra kolektik yo yap fèt nan nòm etabli nan tit IV liv IV nan kòd sa a.

Atik 4°. Pou tout bagay ki prevwa nan kòd sa a, yo prevwa dwa ki reprezante patwon li dwe obeyi avèk yo, avèk tout travayè, jeran, administratè, kapitèn bato ak general, moun kap ekzèse abityèlman tout fonksyon direksyon oubyen administrasyon avèk yon kont oubyen reprezante yon moun natirèl oubyen jiridik.

Tout modifikasyon total oubyen pasyèl ki gen rapò nan domèn nan, posesyon oubyen yon senp habiman nan antrepriz la pap chanje dwa yo ak obligasyon travayè yo ki fèt avèk kontra endividyèl yo oubyen zouti kolektif travay la, ke yap kenbe validite ak kontinite avèk li oubyen ak nouvo patwon yo.

Se menm bagay la, nan ka travayè yo mansyone  nan pati final atik 
1°. Yo pap chanje dwa ak obligasyon ki fèt nan kontra endividyèl yo oubyen ak zouti kolektif travay la, nan ka chanjman de titilarite a li dwe fèt lakay notè, achiv ak konsèvatè.
Atik 5°. Ekzèsis fakilte lwa rekonèt patwon, li gen tankou limit nan respè garanti konstitisyonèl travayè yo spesyalman lè yo kapab afekte entimite, lavi prive oubyen onè de sa yo.
Tout dwa ki etabli nan lwa travay yo, yo pa kapab renonse pandan setan kontra a ap toujou rete la
Tout kontra endividyèl ak zouti kolektif travay la kapab modifye avèk konsantman moun yo pou yo kapab sòti libreman

6°. Kontra travay kapab endividyèl oubyen kolektif .
Kontra endividyèl la se lè sa fèt ant patwon an ak travayè a.
Kontra kolektif la fèt avèk youn oubyen plizyè patwon avèk youn oubyen plizyè òganizasyon sendikal oubyen avèk travayè ki ini yo pou yo negosye kolektivman, oubyen avèk youn ak lòt yo, avèk objektif etabli tout kondisyon komen travay la ak ogmantasyon pou yon tan detèmine.              

samedi 1 décembre 2018

AYITI DIPLOMASI



Eske se paske diplomasi ayisyèn nan pa reponn sou plan entènasyonal ki koz tout kote ayisyen pase yo paka alèz?
Apre tout rechèch ke mwen fè, nan ane 70, 80 yo, diplomasi ayisyèn nan te kenbe eskanp figil malgre tout repwòch ke yo te kapab fè gouvènman ki te la a, ayiti te genyen yon minimòm de respè malgre ke yo menm tou, yo te fè anpil erè. Se vre ke nou genyen yon pakèt dat istorik nan diplomasi nou an men sa pat anpeche ke yo te mete nou nan yon sitiyasyon difisil jiskaske ki vinn debouche sou yon revolisyon. 
Pwoblèm nan se kisa li te ye? Lefè ke gouvènman an pat vle obeyi avèk yon seri de pozisyon ke yo te pran nan diplomasi a avèk vizyon politik ke yo te genyen ak aksyon ke gouvènman an tap poze nan peyi a jan kèk sitwayen tap viv reyalite sa a, daprè yo menm li pat dwe fèt konsa. Pwiske gouvènmn an, te bezwen kenbe pouvwa a pou tout tan, yo pat vle rantre nan kesyon demokrasi a daprè kèk moun ki te nan pouvwa a, yo te konprann ke pèp la potko prè pou sa e ki ta pral koz lanmò anpil moun, anpil arestasyon politik ak yon pakèt lòt moun te pran egzil.
Youn nan bagay ki te vinn pat jwe anfavè gouvènman an, se te atake medya yo paske yo pat gen dwa denonse sa ki tap pase nan peyi a e kote ke nou ta pral jwenn anpil moun ki tap lite pou demokrasi a. Youn nan figi anblematik ke nou te genyen nan medya a, se te Lilianne Pierre Paul ke yo ta pral arete abitrèman akoz li pat vle obeyi ak sistèm gouvènman an e li te vle pou genyen yon demokrasi nan peyi a kote ke yon moun ka di sa ke li panse e dwa li respekte.  
Gen moun ki di se apre eleksyon 90 yo, peyi a pral konnen anpil difikilte avèk presidan Jean Bertrand Aristide spesyalman nan epòk anbagwo ke presidan an te aksepte pou peyi a pran e kraze lame dayiti pou li te ka retounen 94, se lè sa a pou kèk moun ameriken te jwenn gran posiblite pou li te rantre nan kesyon diplomasi nou an, manipile tout diplomat nou yo, fè koripsyon avèk yo.
Apre 2004 anpil moun te di ke kabap gen chans ak presidan René Garcia Préval paske pou anpil moun, yo te di ke li konn tèren an byen, yo panse ke diplomasi nou an ap gen chans repran eskanp figil men tout bagay pat ale jan ke tout moun te pansel la men amelyorasyon ke gouvènman an tap bat pou li pote pou pèp la pat rive satisfè yo jan ke yo te prevwal la sitou ak eleksyon kout maltaye ke pèp la pat ka rive konprann ki ta pral dejenere nèt ak yon gouvènman ke pèp la te di se pa moun yo te vote a ke yo ba yo.
Gouvènman sa a ta pral konnen moman difisil jiskaske yo rive nan fen manda yo ak yon opozisyon ki te toujou nan lari a ki tap manifeste, kreye dezòd, denonse gouvènman ki te anplas la ki vinn koz ke pa gentan pou moun wè kisa peyi a ap regle nan kesyon diplomasi a ke anpil moun di, se yon pakèt moun enkonpetan ki nan plas sa yo, se te bagay ti zanmi ki tap regle ki koz anpil ayisyen nan repiblik dominikèn ap depòte jounen jodi a akoz yon lwa ke gouvènman dominiken an te pran kont ayisyen ki tap sikile nan peyi yo a ilegal. Nou vinn paka fè anyen nan diplomasi a, nou paka pran okenn desizyon paske se yon pakèt moun ki wè lajan sèlman ki reprezante nou nan kèk anbasad nan mond lan, ki paka pran okenn desizyon nan kèlkeswa reyinyon ke yo patisipe pou pèp ayisyen an paske yo fè twòp koripsyon, yo gen zanno yo lakay òfèv, yo paka pale.
Chili se youn nan peyi ki pral pwouve ke nou se yon nasyon ki pap regle anyen, apre tout ayisyen sa yo ki vinn kreye yon kominote nan chili, ki vinn genyen  yon anbasad, kote ke leta ayisyen jiska kounyè a se yon chaje dafè ke yo mete ki paka pran okenn desizyon favorab pou pèp la nan kèlkeswa reyinyon ke yo ta patisipe nan peyi a. yo menm, yo se youn ladan yo kap fè sitwayen sa yo pase mizè paske yo bezwen sèvis yo paka jwenn li nan yon tan ke yo prevwa. Kòman nou te ka konprann ke se yon senp sitwayen kap pran desizyon politik pou kominote a ki pa menm yon chaje dafè? Pandan setan, pèp la ap viktim tout zak malonèt, chaje dafè a mèt la, li paka di anyen pou li defann nou antanke premye sitwayen ke nou genyen nan peyi a. Kesyon map poze, poukisa Jovenel Moïse, te voye Carl Benny Raymond ale pandan setan li konnen ke se te yon lòt chaje dafè li tap mete nan anbasad la? Si mwen konprann byen se paske yo te di lajan sètifika yo pat rive nan kès gouvènman an ki koz yo te oblije voye Carl Benny Raymond ale pou yo te ka ranplasel ak chaje dafè ke mwen wè la a? Franchman mwen pa wè diferans non, se toujou menm bagay yo ki kontinye ap fèt. Se paske moun chili pa merite yon anbasadè ki koz nou paka genyen youn ki pou pran desizyon politik yo pou nou yon fason poun genyen yon lòt vizaj nan peyi a? Pou mwen menm, pa gen yon moun nan leta a ki inosan nan sa kap fèt la paske yo te byen konnen sa ta pral rive la. E poun ale pi lwen fòk nou wè se paske nou pa reponn nan diplomasi a ki koz jounen jodi a yo ka depòte moun kanada yo, Etazini yo, Chili yo ak yon pakèt lòt ti peyi ankò. Nan ka sa a kisa nou pral fè lè ke moun sa yo rantre nan peyi a? Si plas sa yo pat achte, mwen panse ke diplomat sa yo tap fè tout sa ki posib pou yo te jwenn yon fòmil ki te pou pèmèt sitwayen sa yo jwenn sa ke yap chèche a malerezman se yon pakèt moun ke yo di ki enkopetan nou jwenn nan plas sa yo epi se lajan yo ki pèmèt yo la,  se nòmal yo paka fè gwo bagay pou moun sa yo kap soufri a pou yon bout papye sitou pou moun chili yo ke leta ayisyen pa bay yo regle anyen pou yo, depòtasyon degize, ou poko janm wè kisa leta di apwopo de moun sa yo kap soufri pou yon bout papye kap pran pretèks ke yo okipe akoz lajan petwokaribe sa a. Se ayiti sa a nou vle a kote pwòp premye sitwayen peyil pa sousye de pèp li.

Map konseye prezidan an pou li  bay tout moun chili sipò ke li kapab paske yo se dyaspora menm jan ak tout dyaspora lòt peyi yo e si gouvènman chilyen an ap maltrete moun yo se paske gouvènman’w lan pa reponn sou kesyon diplomasi an paske se ou menm ki plase pou sa e pa bliye ke yo se kontribitè tou paske nan transfè ke yo fè yo, nou pran yon dola senkant sou yo (1.50). Mete yon anbasadè ki pou pran desizyon politik yo pou kominote a paske ou konnen chaje dafè a paka fè anyen pou kominote a e nou menm rive nan yon sitiyasyon ijans sitou ak plan imanitè retounen sa a kote ke depi chilyen an wè ayisyen lap dil pou li ale lakay li, li paka di sa ke li panse de peyi a men si te gen yon anbasadè, ou kwè nou tap rive la ? Prezidan ou gen chans pouw pwouve pèp la ke ou vle ede yo e mwen menm pèsonèlman, map diw ou responsab tou paske gen anpil bagay kew te ka gentan fè pou moun yo. Reseziw pou reponn ak bezwen moun yo prezidan.