vendredi 14 décembre 2018

KONTRA TRAVAY ENDIVIDYÈL AK FÒMASYON TRAVAY

KONTRA TRAVAY ENDIVIDYÈL AK FÒMASYON TRAVAY


TIT I
KONTRA ENDIVIDYÈL TRAVAY
CHAPIT I
RÈG JENERAL YO

Atik 7°. Kontra endividyèl travay la, se yon konvansyon ladanl patwon an ak travayè a yo oblije resipwòkman prete sèvis pèsonèl yo sou depandans ak sibòdinasyon premye a e ke patwon sa a ap peye pou tout sèvis sa yo yon kantite kòb detèmine.


Atik 8°. Tout prestasyon sèvis nan tèm  ki sinyale nan atik anlè yo fè konsidere egzistans yon kontra travay.
            Tout moun kap prete sèvis yo kap fè travay oubyen kap egzekite travay dirèkteman nan piblik la, oubyen tout moun ki fè yo pa kontinye yo oubyen ki pa regilye nan travay la, yo pa merite kontra travay.

            Annou di tou ke yo pa bay kontra ak yon elèv kap prete sèvis li oubyen ki rantre nan yon enstitisyon edikasyon siperyè oubyen nan ansèyman mezi teknik-pwofesyonèl pandan yon tan detèmine, pou ranpli demand pratik pwofesyonèl li. sepandan, annou di nan antrepriz ke la fè pratik la ap ba li manje ak deplasman, oubyen lajan rekonpans, lajan davans ak eksprè, sa ki pa pral fè lajan sa a legal devan lajistis.

            Règ sa yo ki nan kòd la sèlman yap aplike yo sou travayè endepandan yo nan ka ladanl yo fè eksprè yo refere yo ak moun sa yo.



samedi 8 décembre 2018

KÈK PRENSIP DE BAZ OU TA DWE KONNEN NAN LWA CHILYÈN NAN (SWIT)

KONTINITE SOU PRENSIP DE BAZ LWA CHILYÈN NAN


Atik 3°. Pou tout bagay legal li gen ladanl:

         Patwon: Moun natirèl oubyen jiridik kap itilize tout sèvis entèlektyèl oubyen matyè youn oubyen plizyè moun nan dwe genyen yon kontra nan menl

  Travayè: Tout moun natirèl kap prete sèvis pèsonèl entèlektyèl yo oubyen matyè  yo ki depann oubyen gen entèlektyèl yo oubyen matyè yo ki depann de yon moun oubyen gen yon moun sou tèt li, li dwe genyen yon kontra travay e
  
       Travayè endepandan: Li menm lap fè aktivite pou li defann tèt li, li pa depann de yon patwon, li pa gen travayè ki depann de li.

Patwon an dwe travayè endepandan an bagay previzyonèl  yo, bagay ki gen rapò ak lwa sou travay  ak sekirite sosyal, li gen ladanl antrepriz, tout òganizasyon avèk enterè pèsonèl, ki gen matyè ki pa gen matyè ki gen lòd anba direksyon patwon an, pou reyisit ak fen ekonomik, sosyal, kiltirèl oubyen benefis fèt  avèk endividyalite dwe  legal.

De oubyen plizyè antrepriz pral konsidere tankou yon sèl patwon pou bagay travay ak previzyonèl yo, lè yo genyen menm travay  e yap fè konkou antre yo pandan yap respekte tout kondisyon tankou similitid, tout bagay nesesè konplemantè pwodwi yo oubyen sèvis kap bay yo oubyen bagay ki genyen dwe kontwole ansanm.
Yon senp sikonstans patisipasyon nan pwopyete  antrepriz yo pat konfigire sèlman kèk bagay nan eleman yo oubyen kondisyon ki te sinyale nan pati anlè a.
Antrepriz yo ranpli tout dispozisyon nan pati kat la (4) nòmalman yap responsab pou tach tout obligasyon travay yo ak previzyon ki fèt nan lwa a, tout kontra endividyèl yo oubyen gwoup kolektif yo.

Tout kesyon yap mande pou aplikasyon nan pati anlè a se jij travay la kap pran yo konfòm nan paragraf 3° a chapit II tit I liv V kòd sa a, moun ki pral rezoud sijè a, li dwe enfòme direksyon travay pandan lap mande pou yo ba li plis enfòmasyon sou lòt pati administrasyon leta. Ekzekite tout aksyon jidisyè li sòti nan aplikasyon pati kat l, tankou santans definitif respektif, yo dwe anplis konsidere tout dispozisyon nan atik 507 kòd sa a.

Tout travayè, tout antrepriz konsidere tankou yon sèl patwon, yo kapab fè youn oubyen plizyè sendika ke yo mete yo an gwoup oubyen kenbe yon òganizasyon ki te gentan la,  yo kapab fè menm bagay la pou negosye koletivman avèk tout antrepriz ki te konsidere tankou yon patwon oubyen avèk chak youn ladan yo. Sendika ki anndan antrepriz yo ki fè gwoup spesyalman travayè depann de antrepriz yo ke yo te deklare tankou yon sèl patwon yap kapab prezante tout pwojè kontra kolektif, li obligatwa pou patwon an negosye avèk sendika yo. Nan tout ka sa yo, prezantasyon ak pwosesis pwojè kontra kolektik yo yap fèt nan nòm etabli nan tit IV liv IV nan kòd sa a.

Atik 4°. Pou tout bagay ki prevwa nan kòd sa a, yo prevwa dwa ki reprezante patwon li dwe obeyi avèk yo, avèk tout travayè, jeran, administratè, kapitèn bato ak general, moun kap ekzèse abityèlman tout fonksyon direksyon oubyen administrasyon avèk yon kont oubyen reprezante yon moun natirèl oubyen jiridik.

Tout modifikasyon total oubyen pasyèl ki gen rapò nan domèn nan, posesyon oubyen yon senp habiman nan antrepriz la pap chanje dwa yo ak obligasyon travayè yo ki fèt avèk kontra endividyèl yo oubyen zouti kolektif travay la, ke yap kenbe validite ak kontinite avèk li oubyen ak nouvo patwon yo.

Se menm bagay la, nan ka travayè yo mansyone  nan pati final atik 
1°. Yo pap chanje dwa ak obligasyon ki fèt nan kontra endividyèl yo oubyen ak zouti kolektif travay la, nan ka chanjman de titilarite a li dwe fèt lakay notè, achiv ak konsèvatè.
Atik 5°. Ekzèsis fakilte lwa rekonèt patwon, li gen tankou limit nan respè garanti konstitisyonèl travayè yo spesyalman lè yo kapab afekte entimite, lavi prive oubyen onè de sa yo.
Tout dwa ki etabli nan lwa travay yo, yo pa kapab renonse pandan setan kontra a ap toujou rete la
Tout kontra endividyèl ak zouti kolektif travay la kapab modifye avèk konsantman moun yo pou yo kapab sòti libreman

6°. Kontra travay kapab endividyèl oubyen kolektif .
Kontra endividyèl la se lè sa fèt ant patwon an ak travayè a.
Kontra kolektif la fèt avèk youn oubyen plizyè patwon avèk youn oubyen plizyè òganizasyon sendikal oubyen avèk travayè ki ini yo pou yo negosye kolektivman, oubyen avèk youn ak lòt yo, avèk objektif etabli tout kondisyon komen travay la ak ogmantasyon pou yon tan detèmine.              

samedi 1 décembre 2018

AYITI DIPLOMASI



Eske se paske diplomasi ayisyèn nan pa reponn sou plan entènasyonal ki koz tout kote ayisyen pase yo paka alèz?
Apre tout rechèch ke mwen fè, nan ane 70, 80 yo, diplomasi ayisyèn nan te kenbe eskanp figil malgre tout repwòch ke yo te kapab fè gouvènman ki te la a, ayiti te genyen yon minimòm de respè malgre ke yo menm tou, yo te fè anpil erè. Se vre ke nou genyen yon pakèt dat istorik nan diplomasi nou an men sa pat anpeche ke yo te mete nou nan yon sitiyasyon difisil jiskaske ki vinn debouche sou yon revolisyon. 
Pwoblèm nan se kisa li te ye? Lefè ke gouvènman an pat vle obeyi avèk yon seri de pozisyon ke yo te pran nan diplomasi a avèk vizyon politik ke yo te genyen ak aksyon ke gouvènman an tap poze nan peyi a jan kèk sitwayen tap viv reyalite sa a, daprè yo menm li pat dwe fèt konsa. Pwiske gouvènmn an, te bezwen kenbe pouvwa a pou tout tan, yo pat vle rantre nan kesyon demokrasi a daprè kèk moun ki te nan pouvwa a, yo te konprann ke pèp la potko prè pou sa e ki ta pral koz lanmò anpil moun, anpil arestasyon politik ak yon pakèt lòt moun te pran egzil.
Youn nan bagay ki te vinn pat jwe anfavè gouvènman an, se te atake medya yo paske yo pat gen dwa denonse sa ki tap pase nan peyi a e kote ke nou ta pral jwenn anpil moun ki tap lite pou demokrasi a. Youn nan figi anblematik ke nou te genyen nan medya a, se te Lilianne Pierre Paul ke yo ta pral arete abitrèman akoz li pat vle obeyi ak sistèm gouvènman an e li te vle pou genyen yon demokrasi nan peyi a kote ke yon moun ka di sa ke li panse e dwa li respekte.  
Gen moun ki di se apre eleksyon 90 yo, peyi a pral konnen anpil difikilte avèk presidan Jean Bertrand Aristide spesyalman nan epòk anbagwo ke presidan an te aksepte pou peyi a pran e kraze lame dayiti pou li te ka retounen 94, se lè sa a pou kèk moun ameriken te jwenn gran posiblite pou li te rantre nan kesyon diplomasi nou an, manipile tout diplomat nou yo, fè koripsyon avèk yo.
Apre 2004 anpil moun te di ke kabap gen chans ak presidan René Garcia Préval paske pou anpil moun, yo te di ke li konn tèren an byen, yo panse ke diplomasi nou an ap gen chans repran eskanp figil men tout bagay pat ale jan ke tout moun te pansel la men amelyorasyon ke gouvènman an tap bat pou li pote pou pèp la pat rive satisfè yo jan ke yo te prevwal la sitou ak eleksyon kout maltaye ke pèp la pat ka rive konprann ki ta pral dejenere nèt ak yon gouvènman ke pèp la te di se pa moun yo te vote a ke yo ba yo.
Gouvènman sa a ta pral konnen moman difisil jiskaske yo rive nan fen manda yo ak yon opozisyon ki te toujou nan lari a ki tap manifeste, kreye dezòd, denonse gouvènman ki te anplas la ki vinn koz ke pa gentan pou moun wè kisa peyi a ap regle nan kesyon diplomasi a ke anpil moun di, se yon pakèt moun enkonpetan ki nan plas sa yo, se te bagay ti zanmi ki tap regle ki koz anpil ayisyen nan repiblik dominikèn ap depòte jounen jodi a akoz yon lwa ke gouvènman dominiken an te pran kont ayisyen ki tap sikile nan peyi yo a ilegal. Nou vinn paka fè anyen nan diplomasi a, nou paka pran okenn desizyon paske se yon pakèt moun ki wè lajan sèlman ki reprezante nou nan kèk anbasad nan mond lan, ki paka pran okenn desizyon nan kèlkeswa reyinyon ke yo patisipe pou pèp ayisyen an paske yo fè twòp koripsyon, yo gen zanno yo lakay òfèv, yo paka pale.
Chili se youn nan peyi ki pral pwouve ke nou se yon nasyon ki pap regle anyen, apre tout ayisyen sa yo ki vinn kreye yon kominote nan chili, ki vinn genyen  yon anbasad, kote ke leta ayisyen jiska kounyè a se yon chaje dafè ke yo mete ki paka pran okenn desizyon favorab pou pèp la nan kèlkeswa reyinyon ke yo ta patisipe nan peyi a. yo menm, yo se youn ladan yo kap fè sitwayen sa yo pase mizè paske yo bezwen sèvis yo paka jwenn li nan yon tan ke yo prevwa. Kòman nou te ka konprann ke se yon senp sitwayen kap pran desizyon politik pou kominote a ki pa menm yon chaje dafè? Pandan setan, pèp la ap viktim tout zak malonèt, chaje dafè a mèt la, li paka di anyen pou li defann nou antanke premye sitwayen ke nou genyen nan peyi a. Kesyon map poze, poukisa Jovenel Moïse, te voye Carl Benny Raymond ale pandan setan li konnen ke se te yon lòt chaje dafè li tap mete nan anbasad la? Si mwen konprann byen se paske yo te di lajan sètifika yo pat rive nan kès gouvènman an ki koz yo te oblije voye Carl Benny Raymond ale pou yo te ka ranplasel ak chaje dafè ke mwen wè la a? Franchman mwen pa wè diferans non, se toujou menm bagay yo ki kontinye ap fèt. Se paske moun chili pa merite yon anbasadè ki koz nou paka genyen youn ki pou pran desizyon politik yo pou nou yon fason poun genyen yon lòt vizaj nan peyi a? Pou mwen menm, pa gen yon moun nan leta a ki inosan nan sa kap fèt la paske yo te byen konnen sa ta pral rive la. E poun ale pi lwen fòk nou wè se paske nou pa reponn nan diplomasi a ki koz jounen jodi a yo ka depòte moun kanada yo, Etazini yo, Chili yo ak yon pakèt lòt ti peyi ankò. Nan ka sa a kisa nou pral fè lè ke moun sa yo rantre nan peyi a? Si plas sa yo pat achte, mwen panse ke diplomat sa yo tap fè tout sa ki posib pou yo te jwenn yon fòmil ki te pou pèmèt sitwayen sa yo jwenn sa ke yap chèche a malerezman se yon pakèt moun ke yo di ki enkopetan nou jwenn nan plas sa yo epi se lajan yo ki pèmèt yo la,  se nòmal yo paka fè gwo bagay pou moun sa yo kap soufri a pou yon bout papye sitou pou moun chili yo ke leta ayisyen pa bay yo regle anyen pou yo, depòtasyon degize, ou poko janm wè kisa leta di apwopo de moun sa yo kap soufri pou yon bout papye kap pran pretèks ke yo okipe akoz lajan petwokaribe sa a. Se ayiti sa a nou vle a kote pwòp premye sitwayen peyil pa sousye de pèp li.

Map konseye prezidan an pou li  bay tout moun chili sipò ke li kapab paske yo se dyaspora menm jan ak tout dyaspora lòt peyi yo e si gouvènman chilyen an ap maltrete moun yo se paske gouvènman’w lan pa reponn sou kesyon diplomasi an paske se ou menm ki plase pou sa e pa bliye ke yo se kontribitè tou paske nan transfè ke yo fè yo, nou pran yon dola senkant sou yo (1.50). Mete yon anbasadè ki pou pran desizyon politik yo pou kominote a paske ou konnen chaje dafè a paka fè anyen pou kominote a e nou menm rive nan yon sitiyasyon ijans sitou ak plan imanitè retounen sa a kote ke depi chilyen an wè ayisyen lap dil pou li ale lakay li, li paka di sa ke li panse de peyi a men si te gen yon anbasadè, ou kwè nou tap rive la ? Prezidan ou gen chans pouw pwouve pèp la ke ou vle ede yo e mwen menm pèsonèlman, map diw ou responsab tou paske gen anpil bagay kew te ka gentan fè pou moun yo. Reseziw pou reponn ak bezwen moun yo prezidan.      

dimanche 18 novembre 2018

Byenvini






PRAN YON TI PASYANS NAP TRAVAY POUN POTE YON BON IMAJ POU NOU. MÈSI POU KONFYANS KE OU FÈ NOU E POU PASYANS OU TOU. 

KISA OU TA DWE KONNEN SOU FONASA


Avan mwen kòmanse, mwen ta renmen prezante nou FONASA pou nou genyen yon ide jeneral sou li e apre pale nou de sèvis li bay e kisa ou ta sipoze genyen pouw ka afilye ak enstitisyon sa a e kisaw ka benefisye antanke sitwayen. Siw genyen yon patwon ki vle peye asirans sante pou ou  map montrew kòman ou kapab fè chwa sila a e si se yon obligasyon nap diw tou kòman pouw peyel. Daprè tout rechèch ke mwen fè genyen plizyè enstitisyon pansyon ak asirans lavi moun  kap bay sèvis nan peyi chili. Nòmalman depi wap travay, ou ta sipoze afilye nan 2. Youn nan nan pansyon ak asirans lavi moun. Mwen chwazi pale nou de FONASA avan mwen prezante lòt yo e montre nou ki diferans ki genyen antre yo.

FONASA (Fondo Nacional De Salud) li kreye an 1979 pa yon dekrè lwa N° 2763, li se yon enstitisyon finansyè chaje pou rezève, jere ak distribye tout lajan leta a nan sa ki gen rapò ak sante nan chili, li se youn nan fonksyon li yo pou li finanse tout sèvis sante benefisyè li yo. (se 7% taks ki rantre nan sante a).  Se kontinyatè ak administratè ki genyen tout dwa ak obligasyon pou aranje eleksyon lib moun ki pa egziste ankò SERMENA e ki bay finansman tout aksyon sante moun ki mouri SNS. FONASA se yon pati kle nan Sistema Nacional De Servicios De Salud (SNSS) e ki gen relasyon avèk pouvwa egzekitif la atrave ministè lasante. Ministè sante la pou li sipèvize ak kontwole pa Superintendencia de Salud depi premye janvye 2005.  Nap jwenn syèj sosyal li nan santiago tankou ak sèvis piblik desantralize ki gen tout direksyon rejyonal yo. Direktè nasyonal FONASA aktyèlman an rele Marcelo Mosso Gómez.

KOUVÈTI
Kouvèti a li prèske ak 13,9 milyon benefisyè. Nou bay bonis pasyèlman ak tout sèvis sante nou bay pwofesyonèl yo ak enstitisyon sante piblik oubyen prive avèk akò FONASA. Nou finansye sibvansyon moun ki pa kapab travay yo (Lisans medikal) e nou bay sèvis ak moun sa yo.

Año
Fonasa
Isapre
Otros
Población
(proyección INE)
Afiliados
% participación
Afiliados
% participación
Afiliados
% participación
1990
9 729 020
73,1
2 108 308
15,9
1 463 068
11,0
13 300 396
1995
8 637 022
59,6
3 763 649
26,0
2 094 551
14,4
14 495 222
2000
10 157 686
65,6
3 092 195
20,0
2 234 851
14,4
15 484 732
2005
11 120 094
68,0
2 660 338
16,3
2 569 549
15,7
16 349 981
2006
11 479 384
69,5
2 684 554
16,3
2 351 436
14,2
16 515 374
2015
13.256.173
73,2
3.410.487
18,8
1.432.486
7,9
18.099.146
2016
13.598.639
74,4
3.427.665
18,7
1.256.597
6,9
18.292.901

   

BENEFISYÈ YO

Rantre nan FONASA tankou benefisyè kontribitè li fèt otomatikman lè yon moun pat afilye avèk ISAPRE
Lè:
·        Tankou travayè a depann de yon moun oubyen endepandan ki genyen 7% nan lajan taks pou sante nan FONASA li depann de sistèm de previzyon sosyal ke moun nan fè. (INP O AFP).


·        Travayè ki pa gen travay stab ki resevwa sibvansyon chomaj meri a bay nan komin moun nan rete a.

·        Moun ki nan pansyon INP oubyen AFP ki genyen 7% nan kotizasyon sante FONASA oubyen ki te yon egzanp total oubyen ki te genyen yon pati kotizasyon de akò ak lwa 20.531 an

BENEFISYÈ KI PA KONTRIBITÈ FONASA YO SE:

·        Se chaj tout fanmi kontribitè yo, ki genyen ladanl timoun yo jiska 18 laj oubyen pipiti 24 ane moun kap fè etid.

·        Fanm ki ansent yo ki pa gen pwovizyon sosyal jiska 7 mwa timoun nan fèt.

·        Benefisyè pansyon asistans ki pa bon ki la lontan.

·        Moun ki genyen defisyans mantal, kèlkeswa laj ki pat janm koz Subsidio Único Familiar (SUF)

·        Moun ki koz SUF

·        Moun ki manke sekou oubyen endijan

Tout benefisyè yo plase an 4 tranch selon rantre yo.

FASON DE ATANSYON YO

Genyen de (2) tip:

·        Fason de atansyon enstitisyonèl: Se rantre nan etablisman piblik sante yo (dispansè yo, CRS, CDT, ak tout lopital piblik yo).

·        Fason lib eleksyon: Se moun ki rantre tankou pwofesyonèl yo nan etablisman sante prive yo e ki te enskri nan akò FONASA a. Lopital piblik yo ap tande moun e nan fason sa a benefiyè a ap ka chwazi sant medikal pou li ospitalize nan yon sal pansyonè. Atansyon sa a ap peye pa mezi de yon bonis atansyo n sante (Bono de Atención de Salud) valè bonis sa a li depann de nivo de enskripsyon pwofesyonèl oubyen etablisman sante kote lap pran swen. Genyen twa (3) nivo ladanl, premye a (1) se li menm ki pi ba kòb e twazyèm (3) nan ki pi chè.

PÈYMAN DE ATANSYON MEDIKAL SELON GWOUP DE AFILYASYON AK MODALITE


Grupos de afiliados Fonasa según ingresos
Modalidad de Atención Institucional (valor a pagar)
Modalidad Libre Elección (niveles de Bono de Atención de Salud)
A – Carencia de recursos o indigentes, beneficiarios PASIS, causantes de SUF
Atención gratuita
--
B – Reciben menos de un salario mínimo mensual, o entre 1 y 1,46 SMM con 3 o más cargas legales
Atención gratuita
1 - 2 - 3
C – Reciben entre 1 y 1,46 SMM sin exceder dos cargas legales, o más de 1,46 SMM con 3 o más cargas legales
Pago de 10% de la atención
1 - 2 - 3
D – Reciben más de 1,46 SMM sin exceder dos cargas legales
Pago de 20% de la atención
1 - 2 - 3

KISA NOU DWE KONNEN NAN EDIKASYON CHILYÈN NAN?


Yon moun ki vle reyisi nan lavi oubyen ki toujou reve prezidan, senatè, depite, majistra ak yon pakèt lòt bagay ankò ta dwe resevwa yon bòn edikasyon pou li ta devni youn nan sa yo ke mwen sot site anlè a. Men anpil moun konn ap chèche demanti pawòl sila a ki di li pa reyalite vre. Anpil nan moun sa yo, konn ap pran egzanp tankou jwè foutbolè yo ki reyisi nan vi yo san ke yo pa konn li men yo bliye ke tout disiplin yo pa menm, gen yon pakèt disiplin yo mande anpil kritè pouw ka entegre sistèm nan, kèlkeswa janw ta ekselan nan disiplin nan depiw paka reponn ak kritè yo mande a, ou pap kalifye. Annou pran egzanp yon jwè basketè, nòmalman yo di fòk ou pase nan inivèsite pouw ta jwe nan nivo pwofesyonèl. Kèlkeswa sa ke yon moun ap di, li se yon oblikasyon pouw ale lekòl pouw aprann li ak ekri paske ou ka gen lajan wap byen viv men wap manke yon bagay kanmenm nan laviw, ou vinn limite ak lajanw lan e pa mete nan tèt ou, wap ka ouvri tout pòt. Wap ka ouvri pòt kote ke se koripsyon kap fèt, wap mete laviw andanje kote ke si sa pase mal, ou ka pèdi byen sa a nan bat je men siw gen konesans wap toujou gen resous pouw fèl ankò. 


Pafwa gen moun ki paka fè diferans ant lè yon moun gen dwa pa fè klas oubyen li pa konn  sa ki rele li a menm. Anpil nan jwè sa yo se yo menm ki toujou siyen kontra yo, e se pa tout jwè yo tou ki pa konn li a e lap difisil tou poun jwenn sa nan mond sa nap viv la, jwè sa gen dwa pa tèmine ak etid li. Annou tounen nan edikasyon an, nan peyi pa nou, li enpòtan pou paran yo voye timoun yo lekòl paske nou di ke se sèl mwayen ke nou kapab reyisi nan lavi nou. Lefè ke nou se imigran nan yon peyi, li enpòtan poun chèche konnen kijan nou ka voye timoun nou lekòl nan peyi a kote ke pou li ka entegre nan sistèm peyi a ak yon fasilite pou li devni nenpòt bagay e ou menm paran timoun sa a selon relasyon kew genyen ak pitit ou, ou ka benefisye anpil bagay. Nan rechèch ke map fè pou mwen ede nou nan fason ke mwen kapab  antanke sitwayen, mwen dekouvri yon fason poun wè kijan nou ka voye timoun yo lekòl e nou menm jèn yo tou ki tap plenyen ke nou paka jwenn opòtinite poun ale lekòl. Enfòmasyon sa yo se sou sit ministè edikasyon chili a MINEDUC mwen te jwenn yo. Si toutfwa ke nou genyen yon dout nou kapab toujou rele nan nimewo ke yo bay la oubyen voye yon mesaj ba yo sou adrès imèl yo pou nou jwenn plis enfòmasyon e pa pliye ke tèks wap li sou sit ministè a se pa mwen menm ki ekri yo.


 Tout timoun ki se pitit migran yo gen menm dwa aksè a edikasyon nan menm kondisyon,  men m tretman ak timoun peyi a. yo pa gen dwa refize timoun ki se  pitit migran yo aksè nan anseyman preskolè oubyen lekol piblik yo akoz sitiyasyon migratwa iregilye swa yo menm oubyen paran yo
Konvansyon Entenasyonal sou Pwoteksyon dwa tout Travaye Migran yo ak  tout Fanmiy yo (atik,301)
Yon fason pou respekte epi konpli ak Trete e konvansyon entenasyonal ke leta chilyen siyen yo, ministè ledikasyon, tankou jan prezidant repiblik la te mande l, te bay yon repons rapid a nouvo realite migran nan peyi a pi espesyalman a travè kreasyon Mesa de Coordinación Migrante (tab kodinasyon migran) e a travè Odonans No 894 ki actyalize enstriksyon sou kesyon antre, rete ak egzesis dwa timoun ak etidyan migran yo, endepandamman de sityasyon migratwa yo ou bien fanmiy yo.
Nan fason sa a, timoun ak adolesan etranje yo nan Chili gen dwa:
·         Antre nan yon etablisman minisipal ou bien semi prive ki gen enskripsyon disponib nenpot lè nan ane a.
·         Enskri yo men m si sitiyasyon migratwa yo iregilye.
·         Jwenn fasilite pou yo antre, pou yo rete epi pwogrese nan sistem edikasyon an nan menm kondisyon ak timoun etidyan chilyen yo dapre realite ak nesesite yo.
·         Resevwa benefis leta yo tankou: pasay lekol (pase escolar), asirans lekol, bous alimantasyon ak tout liv yo nan menm kondisyon ak res timoun etidyan chilyen yo.
·         Pou yo pa jwenn diskriminasyon, pou tout kominote lekol la trete yo ak respè.
·         Tout timoun ak etidyan migran yo gen dwa pou yo resevwa edikasyon nenpot jan sitiyasyon migratwa yo ou bien fanmiy yo ye.

Si nan yon fason ou nan yon lot tout sa ki di anlè yo pa ta respekte sa ta vle di ke dwa edikasyon timoun etidyan yo ap vyole, ou dwe:
·         Prezante yon plent pou diskriminasyon nan biwo Siperentandans Edikasyon an nan sit entenet li ki se cl ou bien ale direkteman nan biwo ki pi pre w la.
·         Prezante yon plent nan biwo atansyon pou sitwayen yo nan ministè edikasyon an nan sit entenet li ki se cl, rele nan telefo-n 600 600 26 26 ou bien ale direkteman nan biwo ki pi pre w la.
·         Nan etablisman minisipal yo, ou ka prezante yon let reklamasyon nan biwo direktè lekòl la epi remet yon kopi nan biwo OIRS (BIWO ENFOMASYON, REKLAMASYON AK SIJESION) minisipalite ki koresponn lan.
·         Si w konsidere ke yo refize yon timoun dwa pou li gen aksè nan edikasyon yon fason abitrè, swa poutet li se migran ou bien yon lot rezon ki gen pou wè ak karakteristik pesonel, ou ka prezante yon resous de proteksyon ou bien yon demand sivil a travè koporasyon asistans jidisiè. Pou kontakte yo ou ka rele nan nimewo: 600 440 2000 ou bien nan 022 362 8200 a travè yon selilè.
 
Kisa IPE a ye
Idantifikasion Pwovizwa Escolè (IPE) a se yon nimewo inik ke ministè edikasyon an bay timoun yo, jenn yo, ak granmoun yo ki pa gen RUT epi ki vle antre nan sistem edikasyon chilyen an, nan nenpot nivo edikasyon regilye ou byen especial. Konsa si etidyan an chanje etablisman lekol ou byen transfere nan yon lot vil, lap toujou genyen l jiskaske sitiyasyon migratwa li regilarize.
Benefis
IPE pemet ou patisipe nan pwosesis admisyon, enskripsyon ak sètifikasyon etid ou gen deja yo. Konsa tou li pemet ou jwenn menm dwa ak lot etidyan peyi a konsenan alimantasyon, liv, asirans epi pasay escolè.
Validite
Nimewo sa a ap toujou la pou lè sitiyasyon migratwa w regilarize epi ou jwenn canè chilyen, lè sa a nimewo sa ap ranplase pa RUT ke Rejis Sivil ak Idantifikasion va remet ou.
Kote yap remet IPE a
Biwo atansyon ak ed pou sitwayen yo nan ministè a se yo ki va responsab pou remet Idantifikasyon Pwovizwa Eskolè a a pati de janvye 2017. Ou ka klike la pou w revize biwo ki pi pre w la.
Piblik objektif
-.Etidyan etranje ki pa gen RUT chilyen ki trouve yo nan yonn nan sitiyasyon sa yo :
– Pou patisipe nan pwosesis admisyon eskolè, ki defini nan la lwa enklizion an. Sa aplike pou rejion ki enkopore nan lane 2017 la (Tarapaca, Coquimbo, O`Higgins y Los Lagos) ak pou rejion Magallanes ki te deja devlope pwosesis sa nan 2016 la.
– Pou enskri nan yon etablisman lekol. Nan ka kote etidyan an pat realize pwosesis validasyon ou byen rekonesans etid yo avan ou byen ansanm ak demand IPE a li dwe mande otorizasyon pou enskripsyon pwovizwa.
Impotan: etidyan yo kapab timoun, jenn moun ou byen granmoun. Menm jan tou sa yo ki nan edikasyon espesyal.

Poukisa Idantifikasyon sa a te kreye?
Nouvo idantifikasyon an te kreye pou evite plizyè RUT lè yon etidyan deside chanje etablisman, tankou sa te konn ye avan. Sistem sa bay tou posibilite pou gen yon regis ki fyab pou nimewo ak Idantifikasyon etidyan migran yo ki fè pati sistem edikasyon an.
Nan fason sa etidyan an kapab jwenn yon enskripsyon definitif menm lè li pako genyen kanè idantite chilyen ou byen etranaje. Nan ka kote yon etidyan pa ka convalide etid li yo akoz li pa gen dosye lekol ou byen akoz pa gen akò ak peyi li, etablisman an ap realize yon egzamen pou kapab defini nan ki klas etidyan an ap ka antre nan yon period ki pa depase twa mwa soti depi le li te antre a.
Nan menm liy sa a, etidyan etranje yo ki vle bay egzamen PSU, kapab enskri ak yon Rut pwovizwa ke Sistem Enfomasyon General Etidyan yo pwodwi (SIGE), si yo te enskri nan yon etablisman lekòl epi yo te soti nan 4e ane anseyman segondè ant lane 2009 a 2015 ou byen yo enskri nan 4e segonde ane sa a. Menm jan tou si MINEDUC te rekonet etid yo epi dosye yo te trouve yo asosye a yon nimewo paspò ou DNI.

Kisa IPE a asire?
·         Aksè ak enskripsyon
A pati de janvye 2017 etidyan migran yo ki pa gen kanè chilyen kapab enskri avek Idantifikasyon Pwovizwa Eskolè (IPE)
·         Enskripsyon sa a ap pwovizwa nan klas li ap antre a pandan yap fe demach pou valide epi rekonet denie klas li te pase pou li a, men li pap pwovizwa pou etablisman lekol ki resevwa li a
·         Apwi nan pwosesis edikatif la
Etablisman lekòl la ap defini mezi ak prinsip pedagojik ki nesesè pou apiye enklizyon etidyan migran yo konsenan karakteristik kiltirel ak lang, entegrasyon ak patisipasyon aktif epi pwogram evalyasyon.
·         Tout etidyan migran yo dwe gen menm dwa ak timoun peyi a swa nan respè, alimantasyon, liv, pasaj ak asirans lekol
·         Paran ou bien moun ki responsab timoun yo gen menm dwa pou patisipe nan Centro de Padre (SANT PARAN YO), Centro de Alumnos (SANT ETIDYAN), Konsey eskolè ou bien tout lot oganizasyon ki egziste nan etablisman lekòl la.
Pou tout kesyon, demand entemediè ak plent: www.supereduc.cl


Plan enklizion migran yo
Nan kad travay Mesa Migrante a, yo devlope yon plan ansanm ak ministè enteryè ak jistis yon fason pou fasilite pwosesis regilarizasyon etidyan migran yo ki nan sityasyon iregilye,konsidere espesyalman yon travay sou teren ki entegre yon manyè aktif etablisman lekol yo a travè  pliziè jounen oriantasyon ak enfomasyon pou tout kominote lekòl yo pi espesyalman pou paran ou bien responsab timoun yo ki nan sityasyon iregilye yon fason pou yo ka jwenn viza tanporè (etidyan, lyen ak rezidans definitif ak viza depandan pou premye fwa) selon règleman ki an kou yo.
Objektif plan se:
Ankouraje, fasilite epi akonpanye pwosesis regilarizasyon ak enklizyon etidyan migran iregilye yo pandan tout kominote lekòl yo ap enplike tou.
Nan sans sa a, MINEDUC ap kreye yon lyen direk ak etablisman lekol yo epi lap kontibye ak tout sa ki nesese pou idantifikasyon etidyan iregilye yo komanse ak IPE.
Nan fason sa a, plan ap komanse nan 5 etablisman lekòl nan komi-n Iquique, Melipilla, Pedro Aguirre Cerda, Lo Prado, Cerrillo ak San Bernado. Kritè yo konsidere pou seleksyone etablisman sa yo se te: apateni a yon vil pwovens ak komi-n kote pousantaj migran yo pi wo, answit ministè enteryè defini yo kom priyorite akoz a travè Extranjeria ki ap fonksyone la dan yo.

Pouw ka ale jwenn dokiman ke wap gen bezwen yo, wap klike sou lyen sa a pouw ka telechaje fichye yo sou òdinatèw oubyen telefòn ou. klike sou lyen sa a: Dokiman yo