Jodi a mwen pral pale ak nou sou kesyon ki gen rapò ak lè anplis nan
travay kote ke gen anpil moun ki pa pote atansyon lè yap siyen yon kontra ak
yon patwon oubyen ak yon antrepriz.
Nòmalman lè wap siyen yon kontra ak yon patwon oubyen ak yon antrepriz,
ou dwe ale lakay yon notè pouw fè sa, e lèw rive lakay notè a, ou dwe pran tanw
pou li sa ki ekri nan kontra a e tout fwa ou ta gen yon dout oubyen ou manke
konprann sa kew li a, ou ka toujou mande patwon an oubyen notè a pou li
esplikew sa ki ekri a. Genyen anpil nan nou ki viktim nan sistèm nan se paske nou
pa janm pote atansyon ak anyen, se apre nap di nou pat konnen men li gentan twò
ta pou nou.
Se sa ki koz lè nou rele yon patwon nan tribinal, li toujou genyen nou e
lè sa a nou pral di peyi a pa gen jistis men nou pa vle pran konsyans ke nou fè
erè depi nan kòmansman. Mwen konnen ke sitiyasyon an konplike pou nou jwenn
travay men nou dwe pote anpil atansyon nan kontra nap siyen yo sitou ak papye
ke nou pa konnen kisa li ye an reyalite. Se vre ke nou bezwen travay men li
enpòtan tou poun konnen nan ki sistèm nap evolye poun evite viktim. Se sak fè
mwen kreye titan pou mwen espliske nou kèk bagay nou ta dwe konnen kòm baz si
tout fwa nou ta fè fas avèk yo, pou nou konnen kisa nou ta dwe fè. Se nan lojik
sa a, mwen ekri atik sa a pou mwen espliske nou kèk lwa sou travay.
Atansyon: Ide yo pa sòti nan mwen menm, se nan liv kòd travay chili a mwen pran
yo e mwen entèpretel nan fason pam pou mwen esplike nou sa ki ekri a pou nou ka
gen yon ide paske mwen pa yon avoka.
KISA LÈ
EKSTRAÒDINÈ A YE? (LÈ ANPLIS, JOUNEN ANPLIS LA)
Se tout lè travay kew fè anplis oubyen lè ou mete anplis pa rapò
jounen travay kew te konn abitye fè ki siyen nan kontra travay ou, oubyen nou
te kapab di se 45 è tan maksimòm legal ou ta dwe fè nan travay ou.
NAN KI SIKONSTANS YO SIYEN AKÒ SOU LÈ EKSTRAÒDINÈ A?
Se pou
pote atansyon nan bezwen tranzitwa oubyen sitiyasyon tanporè antrepriz la e li
pa dwe koze okenn domaj nan sante travayè a.
KÒMAN YO
SIYEN AKÒ LÈ EKSTRAÒDINÈ A?
Li dwe ekri e avèk yon validite ki pa siperyè ak twa (3) mwa ki kapab
renouvle antre de (2) pati yo. Si pa gen akò ki ekri, yo konsidere lè
ekstraòdinè sa a, se fè moun abi pa rapò sa ki te ekri nan kontra a e patwon an
konnen li pa dwe fè.
KONBYEN TAN
YO TA DWE TRAVAY NAN LÈ EKSTRAÒDINÈ A PA JOU?
Daprè lalwa, yon moun pa dwe travay plis ke 2 è de tan nan lè
ekstraòdinè a pa jou.
KÒMAN YO
KONTWOLE LÈ EKSTRAÒDINÈ A?
Patwon yo genyen obligasyon pou yo konte nan rejis asistans ki fèt tankou
liv asistans pèsonèl la, lè ki kontwole anrejistreman an oubyen sistèm ki
otomatik avèk kat band manyetik la (Se yon ti kat ki fèt menm jan ak kat bip
la) oubyen anpwent dijital.